AKA : Piblikasyon Alfabè ofisyèl pou Estandadizasyon lang kreyòl la

Source Bòs Madichon | radiotelevisioncaraibes.com

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) rann ofisyèl alfabè lang kreyòl la. Lansman te fèt ayè jedi 2 jen 2017 la  nan kad estandadizasyon òtograf lang kreyòl la. Yon gwo pa nan avansman lang manman ak papa nou.

Nan kad travay kap fèt pou retire konfizyon ak pou bay lang lan jarèt nan mannyè diferan kategori moun itilize li kit nan ekri kit nan pale li, Akademi an pibliye tou kategori vwayèl ak konsòn yo.

Nan kategori vwayèl, nap jwenn vwayèl oral yo, ki bay yon seri son ki soti nan bouch sèlman. Vwayèl nazal yo, bay son ki soti nan bouch ak nan nen.

Nan kategori konsòn yo, nap jwenn konsòn nazal ak konsòn oral. Epi, nap jwenn tou kategori demi vwayèl ak demi konsòn.

Travay sou lang pa janm fasil, sitou lè se yon lang ki te anba dominasyon lòt lang ak lòt kilti.

Menm jan ak anpil lòt lang ki te sibi dominasyon kolonizasyon, jodi a, li enpòtan pou tout ayisyen kap itilize lang lan konsidere avansman kap fèt yo, epi pote kole pou amelyore mòd ekri ak mòd pale li, san nou pa mete…………………..lire la suite sur radiotelevisioncaraibes.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *