Franck Laraque kite nou
Omaj Tontongi
Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 25 out 2016
Se avèk dlo nan je nou aprann nouvèl lanmò zanmi nou Franck Laraque, youn nan pi gwo gason vanyan peyi Ayiti met sou latè. Li trepase lakay li nan Bouldè, eta Kolorado, nan mèkredi 24 dawout a 6 zè dimaten, pa swit konplikasyon konjesyon serebral ak nemoni. Franck Laraque te gen 94 zan.
Depi apre l antre nan Nouyòk, Etazini, an 1957, Franck Laraque toujou rete yon prezans konbatif nan lit pou liberasyon pèp d Ayiti kit kont dominasyon diktatè sanginè, kit kont dominasyon boujwazi eksplwatè ouswa dominasyon enperyalis. Lè frè li Paul Laraque jwenn li nan lekzil nan Nouyòk an 1961, yo fòme yon koup aktivis, veyadò enfatigab pou enterè pèp oprime ayisyen an e pou sa yo rele a « Dezyèm Endepandans » Ayiti. Yo itilize tout mwayen legal posib, petisyon, reyinyon piblik, atik jounal, manifestasyon nan lari, elatriye, pou ekspoze malè peyi d Ayiti devan lemonn antye e pou denonse koupab anndan ak koupab deyò ki te reskonsab malè yo.
Li pase venn-twa zan ap anseye nan City College, nan Nouyòk, kote etidyan l yo konsidere l kou yon resous endispansab ; nan prefas dènye liv Franck Laraque la, L’Instrumentalisation de la pensée révolutionnaire, Frantz-Antoine Leconte di pwofesè Laraque « ankouraje kreyasyon kou envantif nan literati, filozofi, sosyoloji, relijyon, sikoloji an kreyòl ayisyen ak sou istwa nwa-ameriken, li ret toujou fidèl ak misyon pou l agrandi, ouvri orizon konesans etidyan yo. (…) Se te yon gran lonè pou aprenan yo lè li te fasilite yo eksplore yon monn yo te defann yo konnen : monn mati etazinyen ki te goumen, nan risk pou lavi yo, pou emansipasyon tout moun ».
Max Manigat te konn Franck lè l t ap anseye nan City College, men temwayaj li bay sou li nan liv Franck lan, L’Instrumentalisation de la pensée révolutionnaire : « [Franck Laraque] ak kèk lòt pwofesè pran devan pou yo kreye yon depatman Black Studies lan kolèj la. (…) Depi jou Depatman Black Studies City College la derape Frank konsidere li tankou yon ti pyebwa li te plante ; se li ki pou okipe li, veye li ap grandi. Li lage tout entelijans li, tout devouman li pou Depatman an devlope : kreyasyon nouvo kou, chèche bon pwofesè, enterese etidyan pran kou yo, mande etidyan yo menm pou yo sijere kou yo ta renmen. Kanta pou etidyan ayisyen yo, li toujou ankouraje yo aprann lang yo, literati yo, istwa yo. Se konsa li te fè mete kat kou lan kourikoulòm lan – m ta di espesyalman pou yo : Creole Languages in the Caribbean ; The Haitian Revolution and the Black Experience ; Black Literature of French Expression, Fanon and the Third World. Devan pouryanis anpil jenn Afriken-Ameriken, Karibeyen-Ameriken ak Ayisyen-Ameriken, lan kolèj la, k ap mache san direksyon, li pouse pou Depatman an adòpte lòt kou tankou : Negritude as a Cultural Movement ; Race and Politics in the Caribbean ; Caribbean Leaders ; Malcom X : His Life. Leadership and Legacy ; Martin Luther King Jr. and the Mass Non-violent Movement ; The Politics of Hunger. (…) Frank pa te pwofesè sèlman ; li te “mentò” [gid, konseye] tou. Se pa yon manyèl konduit li te prete etidyan yo pou yo te aprann bon prensip. Non ! Non ! Se konpòtman li ki te liv la. Nan gade li ap viv yo te aprann : disiplin, ak solidarite – pa lan bouch ase, men toutbon vre ; jan pou yo te kanpe sou pozisyon politik ki korèk ; jan pou yo toujou kenbe pawòl yo : wi se wi, non se non. Biwo li te yon apye kote etidyan te monte desann pou vin pran konsèy ak plis eksplikasyon sou sa ki te di lan klas yo pa te fin byen konprann. Si m pa twonpe m, gan ansyen etidyan ki jouk jounen jodi pa janm lage li poutèt bon enfliyans li te gan sou yo depi plis pase trant, karant an. »
Depi lè li te ti jèn ofisye nan Lame d Ayiti pandan premye mwatye ane 1950 yo, an pasan pa pwofesora li nan City College nan Nouyòk, rive nan retrèt li de ansèyman (yon « retrèt » ki pa anpeche l kontinye kontribye, nan medya ayisyen yo, etid, atik ak kòmantè kritik sou tout grann evennman, kesyon ak katastwòf ki akable peyi d Ayiti), Franck Laraque toujou rete ……lire la suite sur alterpresse.org