Haïti/Diarrhée : Décès d’une cinquantaine de personnes

Pas moins de 44 personnes sont mortes de diarrhée et de vomissements et près de 250 autres hospitalisées dans la seule région de l’Artibonite durant ces dernières 48 heures, avons-nous appris.

Les localités les plus touchées sont Saint-Marc et Marchand Dessalines.  Cette maladie s’est répandue dans la région du Plateau Central où 8 morts sont déjà recensés.

Une équipe d’épidémiologistes du ministère de la Santé publique et de la population (MSPP), dépêchée dans le Bas-Artibonite, analysent pour l’instant des prélèvements effectués sur plusieurs malades afin de déterminer l’origine exacte de la diarrhée.

Les résultats seront communiqués dès qu’ils seront prêts, informe le ministre Alex Larsen. Le titulaire du MSPP dit disposer de médicaments et de ressources humaines nécessaires en vue de faire face à cette situation. [rv2000]

Une pensée sur “Haïti/Diarrhée : Décès d’une cinquantaine de personnes

  • 20 octobre 2010 à 7:54 PM
    Permalink

    Bondye Papa cheri ou menm ki gen tout pouvwa,m’ap mande’w padon pou mwen ak pou pèp mwen yan…pèp ayisyen.Kisa nou te achte kredi ke n’ap peye? Kisa nou te fè mal? Kisa nou dwe fè pou korije tou sa? Kisa k’ap pase konsa nan peyi sila?Tout pwoblem se pou nou.Tanpri souple Bondye papa cheri,mwen vle di’w ke si se volonte’w k’ap fèt,ke li fèt.Men tanpri souple Bondye Papa cheri,si se pa volonte pa w,voye male pandye epidemi sila byen lyen pou nou pou li pa fini ak nou.
    Sa grav anpil…44 kretyen vivan gentan pedi lavi yo nan yon epidemi.Mwen swete responsab lasante yo pran vit responsabilite yo pou goumen ak malediksyon sila epi jere li byen pou fè fas ak kriz sa.
    Bondye m’ap/n’ap mande’w sekou…Eske ou gen yon mesaj ke ou vle voye banou? Se kisa li ye menm? Ou konnen yon bagay pèp ayisyen prepare nou.Bagay yo ap vini pi difisil.Prepare nanm nou epi remèt li nan men Jezikri.Sa ki vle tande,tande.

    JPierre
    20/10/10
    @ 10:46PM

    Répondre
  • 20 octobre 2010 à 8:21 PM
    Permalink

    Eh byen se pa kredi yo te min lan al vote pou imbessil com Preval ki fe nap paye konsekans lan .. Yo konnen epidemi yan te lan PLATO Central yo kalewes juska c que li entre l’artibonit. Pa mande pou aksyon sa-ah entre POTOPRINS…ABA INITE AK TOUT PREVAL.

    Répondre
  • 20 octobre 2010 à 9:03 PM
    Permalink

    Se pa problem gastro ki genyen tou,yonsel moun kont propage’l wi.

    Répondre
  • 21 octobre 2010 à 4:05 AM
    Permalink

    Toto te byen di, se pa kredi nou te achete, men nap peye konsekans a enkonsekans nou pep Ayisyen. Imajine nou, a kek pa de Latibonit nan Plato santral epidemi an te prezan e yo te konnen, yo prefere ap depanse milyon nan fe kanpay agresiv pou Mr celestin ki te nan CNE ki tap fe yon bel travay selon gouvenman an, donk lavi kretyen vivan pat enpotan pou yo nan moman, se le yo we ke lap fe ravaj nan Latibonit se le sa yo deside leve je yo. Fok nou te atann a on gouvenman konsa paske Mr Preval te prezidan deja ki sal te fe ki te bon konsa poun te votel an mas konsa, konnya pa di anyen se femen bouch epi plenn. Li we sa pa ase li bay nou yon FAMEUX Celestin, map gade kote sanwont nou ap rive pep Ayisyen. Tout jen leve an mas poun al vote, mwen pa bezwen konnen ki moun depi se pa sa gouvenman bay nou an, se pou Preval wont ak tout ekip li a, Aba Preval, Aba Inite, viv lajenes ayisyenn.

    Répondre
  • 21 octobre 2010 à 5:34 AM
    Permalink

    nan vizyon pam, mwen panse leta Ayisyen dwe fè yon travay prevativ nan peyi a e medya ayisyen dwe ede leta fè promosyon pou sante nan moman sa yo. Paske gen yon seri de mezi trè fasil ki ka evite epidemi tankou grip, dyare eksetera. Sinon nou mèt prepare n pou konte kadav paske sitiyasyon sanitè nan anpil zòn an Ayiti vrèman difisil nan moman sa yo. Anfèt, nan ka epidemi dyare sa nan depatman latibonit, mwen swete responsab sante an Ayiti yo itilize konpetans yo genyen e travay ak bon volonte pou bloke epidemi sa.

    Répondre
  • 21 octobre 2010 à 6:47 AM
    Permalink

    Faut une intervention rapide des instances concernées afin d’éviter une large propagation de cette dite épidémie… Déjà, ça touche le coeur!

    Répondre
  • 21 octobre 2010 à 8:02 AM
    Permalink

    Mesye dam se la fin an ki rive, an nou met tet nou ansam pou nou preche levangil la. Se akonplismen la profesi se jezi pou nou remet la vi nou tande. pa mete to a sou ni preval ni sou oken lot moun anou prepare nou pou nou ka sove le Jezi retounen. Eveneman sa yo ap vin ti tris chak jou. pI TA PI TRIS. Matye 24 explike nou sa byen kle.
    se paste Henry. Merci.

    Répondre
  • 21 octobre 2010 à 8:58 AM
    Permalink

    se nan moman saa yo peyi a bezwen expert li yo, ki rezilta otopsi premye moun ki te mouri a bay ? nap kite 500 moun mouri a van nou jwenn solisyon ? sa yo se bagay ki fasil a rezoud sin gen deteminasyon poun rezoud yo
    gen menm deteminasyon ak chilyen yo nap we si anvan fen semen nan nou pap jwenn rezilta !
    lavi pa gen pri mezanmi, pa kite malere yo tankou pitimi san gado, fe yon bagay pou yoo

    Répondre
  • 21 octobre 2010 à 9:02 AM
    Permalink

    li le pou nou sispann bay moun ki pa konnen angnen peyi a tankou vye loua yo, vye sin yo ki pa gen bouch pou pale, zorey pou tande, je pou gade e Marie ki pa gengnen anyen nan za fe salu vire yeux nou gade BonDieu se li minm sel ki kapab di yon mo pou nou.

    sispann servi satan paske salu-a se nan BonDieu sel li ye. sispann tuye fre nou ak zam, nan ouanga, paske bib la di nou pa gen salu nan okenn lot moun pa gingnin anba syel la okenn lot nom kite kapab sove nou selman JezuKri. remet peyi a bay Bondie la delivre nou, si nou humilie nou, si nou priye e si nou cheche fas li,si nou invoke non li, li di la delivre peyi nou, la reponn priye nou anro syel la e la gueri peyi nou

    Panse a sila ki te kreye nou an se sel konsey sa yo moin te kapab bay a pep haitien
    Map toujou prie pou nou
    ke Dieu vous garde tous

    Répondre
  • 21 octobre 2010 à 12:18 PM
    Permalink

    MWEN MENM AK MADANM MWEN JUJU, NAP MANDE BONDYE POU’L DESAN’N GRAS LI SOU PEP SA E KE VOLONTE OU FET POU SOVE POV MALERE KAP MOURI ANBA DEZAS SA A KI VINI POU POTE RES SA KI TE RETE APRE 12 JANVYE A; PAPA PAKITE NOU PEYE POU MECHAN YO , PA KITE PITIT OU YO MOURI POU SAKRIFIS KE NOU PAT KONNEN.E JO DI A MENM NAP REMET PECHE NOU YO AK PECHE FRE AK SE NOU YO DEVAN OU POU PADON AK GERIZON. AME!

    PS GOD BLESS MY COUNTRY DEPUIS USA.

    Répondre
  • 21 octobre 2010 à 2:14 PM
    Permalink

    jn pierre je te felicite pr cette priere gves ne mouras pas ns vivrons pr racontes ns misere et nos tribulasion gonaives je t’aime

    Répondre
  • 25 octobre 2010 à 6:56 PM
    Permalink

    Toto ak tout fanmiy li yo gi cholera. Kaka-a pwal mouri avan lontan.

    Répondre
  • 25 octobre 2010 à 6:58 PM
    Permalink

    Toto si telman malad, min diare nan dyol li ganyan. KK pwal mouri avan lontan.

    Viv Preval. Viv Inite, Viv Jude Celestin

    Répondre

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *