Ayiti: Jean-Max Bellerive chwazi pou vin premye minis

Prezidan René Préval chwazi jounen vandredi 30 oktòb 2009 la sitwayen Jean-Max Bellerive pou vin ranplase premye minis Michèle Duvivier Pierre-Louis senatè yo te deside revoke, poutèt yo di li mal jere peyi a.

Msye Bellerive te okipe pòs minis planifikasyon ak koperasyon ekstèn nan gouvènman madan Pierre-Louis a.

Semèn sa, premye minis chwazi a ap gen pou l prezante devan Palman an pou depoze pyès li yo nan lide pou senatè ak depite yo kapab travay sou kesyon ratifikasyon l.

Si Jean-Max Bellerive pase etap sa a, l ap gen pou fòme yon gouvènman kote li pral defann deklarasyon politik jeneral li devan 2 chanm yo, sètadi, Sena a ak chanm depite yo.

Nan lannwit 29 pou rive 30 oktòb, 18 senatè sou 29 te deside mete sou kote premye Michèle Pierre-Louis, divès senatè ki soti nan platfòm Lespwa te entèpele.

Premye minis lan te chwazi pa ale devan Sena a poutèt kèk senatè te gentan kriye viktwa sans seyans lan po t ko menm kòmanse.

Une pensée sur “Ayiti: Jean-Max Bellerive chwazi pou vin premye minis

  • 3 novembre 2009 à 6:46 AM
    Permalink

    Se you komplo preyidan Préval ak kò senatè pèpè lespwa yo. Kote pou wè senatè ki pou veye sou kontwòl ekzekitif la epi yo pral chita pou fè tout move dil ak preyidan sa a. Se pou tèt 14 zième mwa a nèg yo pa jwen’n ki fè yo entèpele gouvèman an mwen wè media pa fè remak sa a, se depi zafè sa a nèg yo te di si yo pa jwen’n 14 zième mwa a yap voye’l ale. Se lajan ki fè tout grif nèg sa yo soti. Fòk pèp la konnen byen nèg sa yo se lajan sal yo vle fè nan peyi a.

    Répondre
  • 3 novembre 2009 à 8:44 AM
    Permalink

    mon che, malerezman peyi sa a pa konte sou konpetans ak onetete moun anvan yo vote w. depi nan oganizasyon eleksyon yo rive nan rezilta yo, nou te deja temwen medyokrite ki anbrase sistem politik nou an. se konsa sa toujou ye, nou pa gen politisyen serye ki vle fe sakrifis pou debloke peyi sa a.se sel Imler Rebi ki gen rezon. li te deja aveti nou machinasyon vacabon sa a ki rele Preval la ta mete an plas pou abouti ak apeti li. Le yon peyi tonbe anba yon nonm ki san vizyon, san objektif, ki sa ou vle ki li renment. pa fe tet nou ilizyon. Bon nou poko we anyen la. Gen kou ki pi red toujou kap vini.le moun ki ka dirije peyi a chita enpi se vakabon nou chwazi ki pou mennen nou, enben se koripsyon, gabji, kou nan do. Preval ap fe tout sal konnen poul oganize yon eleksyon poul mete moun pal dekwa poul pa al nan prizon.Alo ki sa nou pa ka konprann la a. Se pou la pres kale jel, di pep la sak kap pase a tre kle. se pou politisyen nou yo fe yon sel gwoup pou nou sove peyi sa a. Sispann goumen, mete tet nou ak Mirlande Manigat, voye li menm selman nan eleksyon ak vacabon preval pral voye a pou nou we si na pran pouvwa a pou nou rebalanse sistem nan epi mete peyi a sou yon nouvo ray. Mezanmi direksyon nap pran la avek peyi a pa bon. se pou pep la dako poul li soufri yon ti moman pou nou ka gen yon demen miyo. Sispann kite fo politisyen achete nou ak manje ak lajan pou yo rive nan pouvwa san vizyon, san konpetans epi vin plen poch yo al viv lot bo dlo. Li le li tan pou je nou louvri. Nou pran nan twop kou. Nou dwe konnen yon nonm pa ka fe anyen pou peyi sa a sinon tet ansanm ak pwogram politik ki ka wete nou nan sa nou ye la a.
    Thanks!

    Répondre
  • 28 octobre 2010 à 11:42 AM
    Permalink

    Sénégal : les étudiants menacent de chasser les Haïtiens
    Les étudiants haïtiens accueillis par le président Wade à leur arrivée au Sénégal (Photo : APS.SN)

    Les étudiants sénégalais menacent de chasser « sans pitié » les Haïtiens après les codifications.

    Selon le quotidien sénégalais « Le Populaire » paru ce jeudi 28 octobre, le Collectif des amicales de l’Université Cheikh Anta Diop de Dakar (Ucad) menace « de déguerpir sans pitié les étudiants haïtiens, si les autorités gouvernementales ne trouvent pas de nouveaux locaux pour les reloger d’ici les codifications ». Il l’a fait savoir, hier, lors d’une conférence de presse tenue à la cité Aline Sitoë Diatta de l’Ucad.

    Les représentants des Amicales de l’Université Cheikh Anta Diop de Dakar (Ucad) ont menacé, hier, de chasser les étudiants haïtiens, après les codifications. Cela, si les autorités ne leur trouvent pas de nouveaux locaux. Face à la presse, ils ont également listé les maux qui gangrènent l’Ucad.

    « Il est absurde que nos jeunes frères traînent à la place de ces Haïtiens », s’est offusqué Amadou Lamine Diongue, président de l’Amicale de la Faculté des sciences et techniques, qui martèle : « L’Ucad souffre d’une capacité d’accueil insuffisante. Pour cela, nous n’allons pas sacrifier les étudiants sénégalais au profit des étudiants haïtiens. Et l’an dernier, 5200 nouveaux bacheliers n’étaient pas orientés, il est donc hors de question qu’un seul nouveau bachelier ne soit pas orienté. Nous n’acceptons pas que par une volonté politique ces Haïtiens prennent la place de nos frères ».

    Le Collectif fustige, en outre, que les Amicales n’aient pas été associées en amont au processus d’accueil des étudiants venus d’Haïti. « Les autorités ont attendu la veille de l’arrivée des Haïtiens au campus pour nous informer », souligne M. Diongue qui explique que cela n’a cependant pas empêché les étudiants de Dakar de les accueillir. « Grâce à notre sens élevé de l’hospitalité, nous les avons accueillis, logés et leur avons rendu visite avec nos moustiquaires imprégnés », précise-t-il.

    Et abordant les problèmes dont souffre l’université, Amadou Lamine Diongue a indiqué que la venue des étudiants haïtiens avait permis de mettre à nu ces maux. « Le Directeur du Coud a affirmé avoir acheté trente ordonnances pour les Haïtiens qui sont victimes d’intoxication liées à notre mauvaise alimentation », dira-t-il pour étayer son propos, avant de noter que ces problèmes dans l’alimentation ont pour principal auteur les repreneurs des restaurants universitaires. « Nous réaffirmons notre ferme détermination à rompre unilatéralement le contrat de ces repreneurs », menace-t-il.

    Par rapport aux chantiers engagés à l’Ucad, le Collectif souligne un manque de volonté des autorités à les achever. « Elles ont commencé les travaux depuis 2007 et au moment où cela progresse à vitesse de caméléon, une centrale électrique est construite et achevée en neuf mois dans le campus, comme pour provoquer », déplore le président de l’Amicale de la Faculté des sciences avant d’ajouter : « Nous exigeons leur achèvement dans les meilleurs délais ». Il dénonce, par ailleurs, la vétusté des pavillons préfabriqués.

    Face à toutes ses difficultés auxquelles l’université fait face, les étudiants exigent d’être reçus par le président de la République. À défaut, ils menacent de mettre à ébullition le campus social.

    Le Populaire

    Répondre

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *