Les titres de l’actualité sur Vision 2000

Rebondisman nan dosye Arnel Belizaire la…Juj esntriksyon Bernard Saint-Vil konvoke depite Delmas/Tabarre la pou madi 8 novanm k’ap vini an.

Majistra enstriktè a déjà ekri biwo chanm depite yon lèt nan sans sa a.

Prezidan chanm depite a ki konfime nouvèl la deplore lefèt chèf leta a kontinye ap bay popilasyon an manti.

Sorel Jacinthe regrèt lefèt, Olye pou Michel Martelly ta prezante ekskiz poutèt li te bay lòd pou arete Arnel Bélisaire, prezidan repiblik la prefere gouvène an chèf siprèm nan vyolasyon konstitisyon an.

La prezidans pa gen anyen pou’l wè ni de prè ni de lwen nan arestasyon depite Bélisaire la.

Se deklarasyon prezidan repiblik la fè maten an nan moman li t’ap rantre sot ozetazini.

Michel Martelly fè konnen li pase premye minis la lòd pou’l monte yon komisyon endepandan k’ap pou fè limyè sou dosye sa a.

Chèf pakè pòtoprens la pa antann bay demisyon’l nan pòs sa a…

Mèt félix Léger ki gen gwo kritik sou do’l mande pou gen lajustis louvri yon ankèt nan lide pou detèmine èske li te fè erè nan fason li trete dosye Arnel Belisaire.

Seyans entèpelsayon minis jistis la ak sekretè deta afè etranjè a ap deroule depi plizyè èd tan sena repiblik la. Gen 24 senatè ki reponn prezan nan seyans sila a.

Josué Pierre Louis pa prezante alòske Michel Brunache trouve li nan salon diplomatik gran kò a.

Fòk nou di, senatè yo divize sou lide pou ta ranvwaye seyans la. Konsène yo ekri pou mande repòte seyans sila a pou 8 jou ankò.

Peyi dayiti klase nan 158e plas sou 187 peyi ak teritwa ki konsène nan kesyon endis devlòpman daprè rapò 2011 program nasyon zuni pou devlòman.

Daprè PNUD, Ayiti gen klasman sa a akòz problèm ekonomik ak anviwònmantal l’ap fè fas yo.

Une pensée sur “Les titres de l’actualité sur Vision 2000

  • 3 novembre 2011 à 10:37 PM
    Permalink

    Vakabon depute Sorel Jasinthe sa menm sal pansel ye?

    Répondre
  • 4 novembre 2011 à 12:56 AM
    Permalink

    cette affaire est purement juridique, mais on peut comprendre ceux qui prétendent qu’elle a une couleur politique parce qu’il s’agit d’un député.

    pour vous permettre de comprendre, je vous dit l’etat du problème. je me base uniquement sur ce qui est dit jusque là dans la presse.

    Il s’agit en droit de ce qu’on appelle  » l’application de la loi dans le temps des infractions »

    la question est juridique, et parlant de démocratie et etat de droit, je pense qu’il faut laisser à la justice le pouvoir de mener cette affaire.

    et si les parlementaires font bien leur travail, ils doivent bien voir que le principe de l’immunité parlementaire n’est pas menacé. Et je crois que les magistrats respectent ce principe.

    Maintenant on attend à ce que le parlement réponde à cette question que moi j’ai soulevé et qui a certainement été entendue:

    est ce que le magistrat qui a pour fonction d’appliquer la loi, doit faire une application stricte du principe constitutionnel de l’immunité parlementaire ou si le magistrat doit tenir compte du moment de la découverte de l’infractioncàd son évasion et les autres chefs d’infraction ?

    Moi j’analyse la situation avec l’oeil du juriste( objectivement) dans le but de faire évoluer le principe. C’est ainsi dans tous les Etats qui se respectent.
    Je lance le débat sur ce terrain là. Il n’est pas logique dans un état de droit qu’à chaque fois que l’on veut faire évoluer les principes de droit que l’on licencie la personne.

    Répondre
  • 4 novembre 2011 à 1:11 AM
    Permalink

    men sa mwen sot ecri en français map di nou li an créole.
    mwen di ke depité ak senatè yo ta dwe reponn ak kesyon sa a:
    è ce ke jige yo dwe respecté principe immunité parlementè ki nan konstitityon an san ke jige yo pa pran en considération ke dépité a te bay menti lè li tap déclaré ke li vle dépité paské li pat di ak CEP ya ke li gen problèm ak la jistis.

    es ce que se pou jige yo suspen pousuite la jiska ce ke depite a fini manda li?

    se sel sa palementè yo ka pab di. se sa ki vrè travay palementè yo. lè gen problèm se pou yo repon n nan fè loi qui corespon n ak problèm nan. yo pa dwe ap mandé revocatyon lè jige yo ap fè travay yo jan la loi mande sa.

    en fait se sa lide ya ye ke mwen di an français.

    Répondre
  • 4 novembre 2011 à 3:43 AM
    Permalink

    Si Martelly ta fe neg sa yo eksiz li pap gen pouvwa yon kaporal nan peyi sa devan zenglendo sa yo.

    Répondre
  • 4 novembre 2011 à 4:55 AM
    Permalink

    Si palman pa voye Martelly ak tout ekip sa ale, palman pap gen respè menm yon sèjan nan peyi-a.

    Répondre
  • 4 novembre 2011 à 6:50 AM
    Permalink

    anmweeeeeeeeeeeee valery numa ap retouen anmweeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeee

    Répondre
  • 4 novembre 2011 à 9:04 AM
    Permalink

    Petit laisse moi te rappeler que le president n’a aucune responsabilté devant le parlement.
    li t ap bon pou aprann kek nosyon dwa,c juste un conseil!

    Répondre

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *