Haïti/Le Parquet de Port-au-Prince souhaite auditionner le député Bélizaire

images (69)Le commissaire du gouvernement de Port-au-Prince souhaite être autorisé à auditionner le député de Delmas/Tabarre (Est de Port-au-Prince), Arnel Bélizaire.

Une correspondance a été acheminée en ce sens au Bureau de la Chambre basse ce jeudi, a informé le chef du Parquet, Félix Léger.

Soulignons que le député Bélizaire devrait être entendu pour avoir eu des démélés avec la justice au lendemain de la chute du président Jean Bertrand Aristide.

Une pensée sur “Haïti/Le Parquet de Port-au-Prince souhaite auditionner le député Bélizaire

  • 20 octobre 2011 à 5:19
    Permalink

    Men mesye nou fout enerve moun wi. Poukisa se konsa nap fout aji. Depi dat sa -a poukisa se lè Martelly fi-n fout fè eskonbrit ak lobèy yo nan Palais nasyonal la, epi se lè sa pou yon komisè sou lod yon apranti bezwen tande yon Palmantè. Kote Félix Léger teye depi dat sa-a. Mesye nou koumanse tro bonè. Pa gen moun kap tolere radot sa yo. Mesye gade kote nou tonbe. Atansyon, diktatè pa bay. Egzanp Kadaphi.

    Répondre
  • 20 octobre 2011 à 5:24
    Permalink

    Nou fout enève moun. Si nou pa respekte yon Palmantè (byen mal elu) se deavan -l Martelly te prete sèman. Poukisa se kounye-a nap fè bagay lèd sa-a. Martelly menm deklare ke li te kon travay ak li pou leve moun anba tant. Pou yon komisè chwazi aji konsa. Men aysyen pap chanje. Félix, kote Claudy Gassant, kote predesesè-a la, kote Rock Cadet. Mesye nou lèd wi, nou lèd anpil wi.

    Répondre
  • 20 octobre 2011 à 5:35
    Permalink

    Antouka Felix Leger al poze , pa okupe masisi ki rele Miche

    Répondre
  • 20 octobre 2011 à 5:38
    Permalink

    Sa masisi ki rele Michel Martelly a genyen ? Michel al poze m we ou komanse bone wi . Antouka pare kote pouw ale a apre tan w lan. M we ou vle Uni ex prezidan yo , pou w ka jwenn bonn gras apre tout tenten ou gen pouw fe yo al poze tande MASISI.

    Répondre
  • 20 octobre 2011 à 5:40
    Permalink

    Zaxa,

    mwen konpran fristrasyon, nou pap joure tankou yo. Men nonm yo re Félix la parèt lèd anpil. Kounye-a se sa ki prezidan SINIK la, mesye nou koumanse lèd anpil. Se pou prezidan chanm Depite-a tounen lèt la bay felix jan li te voye-la paske li. Pou yo montre-l kouman li pa respekte tèt li. Epi tou, koumanse planifye revokasyon tout komisè poupetwèl ki sou dominasyon palè nasyonal.

    Répondre
  • 20 octobre 2011 à 5:42
    Permalink

    Non, nèg yo fout anmèdan. Mesye wo, mesye, pou yon komisè pa wont fè betiz sa klè konsa. Ouf.

    Répondre
  • 20 octobre 2011 à 6:10
    Permalink

    se pwoblem sa ki genyen an wi haitien sans honte yo pap pran histoire comme exemple ti negre mesye o poukisa felix leger pa mande kote claudy gassant aristidas etc bann chien

    Répondre
  • 20 octobre 2011 à 6:14
    Permalink

    se preval,ki te vole sa yo sou moun wi,se sak fa yo pat vle bernard gouse la,pou li pa mete kawonabo nan men yo,vole sa yo se depote yo ye ,evade prizon,komise fe travay ou kounye a,kounye a peyi ya gen moun kap dirije l

    Répondre
  • 20 octobre 2011 à 6:34
    Permalink

    Jean synvrit,

    ni Gouss wap pale-a, ni Felix tchoulè palè nasyonal sa, yo konen kom de vagabon. Pa betize ap moun serye. Si yon nèg ka oze poze aksyon sa-a, li se yon komisè vagabon.
    Antouka, mwen ta mande Martelly mande Aristide ak Jean-claude sa vledi chalè beton-an. Lè aysyen rive konpran n yon Neg ap ranse ak li, van-an ka vire wi. Komisè te ka fè sa, men pou ki se semèn sa.

    Répondre
  • 20 octobre 2011 à 6:45
    Permalink

    Mesye nou pa bezwen fache, mwen vle pou nou poze. Pa egzanp si nap gade kote Sonel Jean francois, neg sa-a te move pi mal pase yon lion pou-l tal pousiv minis interye-a(Paul antoine)di depite fe koripsyion M men-m we ipokrit mateli tap felisite minis la di life anpil bon bagay, kote chef pake sa-a absan. M twove mateli depase bonn li, paske depite-a pa ave-l, li vle fe arete, nan siek nou ye ditakte pa ala mod anko. Prezidan, senate, depite e o fonksyone leta yo tout gen imilite. Paske la lwa, se la lwa. Se mateli mwen we ki pa respekte pesonn nan peyi, l-ap menase,joure la press ki se 4e pouvwa-a, mwen di-l pou-l fe atansyion, mwen si-m te li men-m m ta reflechi yon lot jan mwen we nan konpotman ak pawol li, se li ka konplote kont la surete de leta, l-ap monte minis roz e li vle fe kwe se lame dayiti, lap bay manti, lap pase moun nanbetiz, l-ap joure palemante, elatriye. Mwen we se pou mateli pou yo ta mete anba kod ki pa respekte institisyion nou yo, paske menm premie minis la li pa kite fe travay li, paske nan instalasyion minis yo, se lik pran devan pou fe tout diskou, sa fe-m panse ak divalye, pe e pitit li-a, le yo ta gouvene vreman mateli se yon bon tonton makout, mesye map di nou anko poze-n,neg paket sa-a, se li riske revolke, si-l pa mete ko-l yon kote.

    Répondre
  • 20 octobre 2011 à 9:10
    Permalink

    Tout nèg kap pale mal kot Preidan Michel Mathely, tout se yon bann ti dechoukè ti volè exkisem sim di sa. Paske pouki sa nou pa swiv s lap fè yo. nou bon penseur konsa, nou konn reflechi konsa, nou konn pale bon francè konsa, pouki sa nou pat paret konm prezidan. Manyen fèmen bouch nou kitel travay pou nou wè kisa la fè.

    Répondre
  • 20 octobre 2011 à 9:39
    Permalink

    Et map di Lanmèd pou Washington editorial post kap pale kap di se pa primordial lamee en Haiti. Ki pei ki ka mache san amee? Se yon bann fou.
    Helas!

    Répondre
  • 20 octobre 2011 à 10:59
    Permalink

    Si yo bezyen jije yon depite ou byen yon senatè paske li mal aji,se pou yo mande l’ pou demisyone avan.Si se pasa,li pa gen pou li prezante devan okenn komisè.
    Mwen pa oken moun,mwen pou lalwa.respekte prensip pou peyi sa avanse byen.
    Ayiti pa yon peyi pou mwen si se konsa.
    Anpil move desizyon toujou ap mennen peyi sa nan deblozay epi rezilta a se MINUSTAH k’ap toujou rete la.Majorite ayisyen sipoze vle MINUSTAH disparèt sou teren Ayiti sa a avan yo fini ak nou.

    Epitou, mwen panse ke premye minis kounye la gen ase konesans pou li pa kite yo mete l’ la tankou premye minis ki te la avan ki t’ap ale vini,monte desann,konte lajan mete nan poch li san reyalize anyen pou peyi a.Premye minis kite la avan an te fè Zero bare(-0%),li te pi ba ke nul…misye se yon woulibè ki sèlman renmen la(PAKAPALA)men san reyalize anyen kom yon premye minis.Depi nan komansman mwen te di’l li mal rive.
    Si dirijan sa yo ki la pa vle premye minis sa travay,se pou li gen kouraj pou li di mèsi Ayiti,mwen te vle ede w,men mwen pa kapab paske yo pa vle mwen fè travay kontitisyon an mandate mwen.Se pou li bay demisyon epi chache yon lot travay.Amwenke li vle,li aksepte ke yo(bèl rive li)…A la de koze papa….AYITI…
    Je te bellerive…
    Tu me bellerives
    Il me bellerive…
    On me bellerive
    Je ne vais pas me laisser belleriver devrait dire le grand docteur premier ministre d’Haiti de 2011…

    JP
    21/10/2011

    Répondre
  • 20 octobre 2011 à 11:19
    Permalink

    Ansye premye Minis Bellerive,mwen gen anpil respè
    pou w,se pa anyen pèsonèl ke mwen gen ak ou,se peyi,se bagay peyi k’ap pale la.men mwen pa kache di w sa ke rezilta w la pate bon menm.Ou pa t’ap dirije vre non.Gade kote nou ye la,eske se rezilta sa ke w te swete pou nou ak peyi sa?

    Se pate fot mwen…Se sa w di…Ok se pa fot ou…se pate fot mwen…Se sa nou menm ayisyen toujou di… Se pate fot mwen…sete fot René Préval….Wi seli menm ki t’ap bwase kat la.Mwen,mwen te toujou lwen,lwen,lwen ak yon ansyen prezidan,mwen ak li nou t’ap bouske chache lajan…Nou t’ap bwase…Ebyen ansyen premye minis se pa fot mwen tou si mwen pale ak ou konsa…

    SE SA GASON… 🙂

    Jp

    21/10/2011

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 12:13
    Permalink

    M gen yon bagay mwen pa fin konprann nan pifò kòmantè mwen li la yo:

    Dapre sa mwen li sou sit hpnhaiti, en 2006 lapolis Sendomeng arete M. Belizaire pou volè machin; an 1995 li arete pou abi konfyans.

    Menm si li parèt sispèk pou se lè zen te fin pete nan palè a pou lajistis bezwen rele depite a, men mezanmi nou twouve nòmal pou yon moun ki te nan volè machin ka depite pèp la? Ki kote nou vle ale konsa?

    Si se te machin pa nou yo te jwenn nan men li Sendomeng, eske nou t’ap panse menm jan?

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 12:18
    Permalink

    Mwen se dènye moun ki t’ap vote Sweet Micky kòm prezidan, paske nan tèt pa m se pa’t plas li.

    Tout kòm, si se vre depite a se vòlò machin jan yo di a, se pa plas li tou nan palman.

    Men si se li pèp la vle, sa se yon lòt bagay.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 1:45
    Permalink

    mwen espéré la jistis ap fè travail kont tout bandi avec veste ou san san veste tou totan nou pa fè education peuple ça et ce peuple ça kap voté dirijan nou yo sé minm moune ça sa yo nap toujou join au pouvoir.On a qu’à mander la constitution de sorte que nos dirigeants soient élus par les grands électeurs parce que le peuple haïtien n’est pas encore prêt quand vous voyez les hommes qui sont au pouvoir aujourd’hui et hier on a beaucoup de questions à poser.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 1:51
    Permalink

    Arrêtez d’insulter notre président si on vous donne la possibilité de vous exprimer vous pouvez vous exprimer d’une autre façon moi je ne suis pas d’accord avec Mr le président sur certains points c’est pour ça je vais l’insulter il est notre président le peuple l’a voté c’est ça la démocratie.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 1:55
    Permalink

    Et an plus dè ke li sagi de bandit, de criminel pa gin uminité ni pou président ni pou député ni pou sénateur

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 3:58
    Permalink

    mesie sispann pale tintin ,nou we kantite dejouke nou dejouke nou we anyin pa mache okontre nou vi n pi mal li le pou nou pran konsians ,lel range yon kote poul ale se avek lajan li prale kade jn claude li pati avek tout lanjan peyi a le la frans fi n pran lajan li voyel tounin avek de ran dann ki moun ki viktim se nou.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 4:33
    Permalink

    Pourquoi maintenant? C’est la le probleme. C’est un reglement de compte. Esseyons de stopper cette pratique des maintenant car demain sera la dictature en plein midi.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 5:00
    Permalink

    Messieurs, nou fe remake tout bon vre, le nou jwenn libete se gagote nou gagote l, nou pa regle anyen serye ave l. Yo ba nou chans pou nou ka pale sou zafe lajistis peyi nou, nou pito pedi tan nou ap joure, voye monte, san janm di anyen ki serye. Menm jan youn nan konpatriot kap fe komante a dil, fok yo ta fe edikasyon nou anvan pou n ta gen dwa fe komantè, menm jan anvan yo ta ba nou dwa pou n vote.
    Lè nou gade ansyen depite WILO JOSEPH, nan prizon pou volo bef, pandan l nan prizon an, pep soti al vote l. Soti li soti nan prizon, se nan palman l al syeje touswit. Arnel Belizaire, foto l tap sikile sou tout televizyon kom bandi danjre lapolis ap chache, le l kraze pot prizon penitansye, li sove. Malgre sa, li kontinye nan menm zak bandi, vole machin al sendomeng. M panse nou ta komante pito sou PROCEDURE ki pou mande leve iminite moun sa yo, pou al reponn lajistis. Men nou pedi tann ap joure, sa vle di, se konsa pou peyi a mache toutan. Se paske nou panse yon bon jou nou ka leve n al kidnape moun nan lari a, mande 50.000 dola US, apre sa na separe l pa 50 goud bay moun nan lari yo pou yo vote nou al mete nan palman, si gen lajistis kap mete moun anba kod, li pap bon pou nou, SE SA NOU VLE, epi nap rele tet nou Amour patrie???? A la traka papa

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 6:05
    Permalink

    Gen yon serie moun kap inteveni sou sit la, se paske m pa dako ave yo non. Mwen se la lwa mwen konnen, m pa konn dechouke, e kote m-ap viv la, mwen pat janm jwenn chans sa-a. Sa-m, m pa konpran pouki se le depite fe lese franpe ak mateli, se le sa-a mwen tande nan landemen, ke li se yon evade prizon, yo dwe arete-l e mateli li menm li se rwa de rwa, li gen dwa fe sa vle, li menm menase di depite ak senate e li fe-w konnen ninpot ki moun ke-l li te genyen imilite, si li rive nan pale-a li ta manke-l respe li pap soti nan pale-a vivan, prev yo la, bann yo anregistre mezannmi, pa gen pies otorite ki di l-ap anlve imilite mateli, le te konn fe insitasyion a la violans, desann pantalon-l, yo pa janm arete-l, moun ki kwe li san peche voye premye kout roch la, s-on ront pou Ayisyen, ke le n-ap gade sa mateli te konn fe nan espektak li yo sou youtube, tape mateli oubyen sweet miky nap we tout, mwen mpa janm achte figi pesonn, men m kont obseve, mateli se yon eli pep la kom depite-a, yo tou le de gen menm dwa, si -m ta gen pou-m achte figi m-ap achte figi sa lalwa di. Pake-a pa gen okin dwa pou arete moun pou prezidan pou fe-l plezi, mwen regret sa pou ti simon-n, li pran anpil move direksyion depi li rive sou pouvwa-a » Car la loi est une regle formulee pour tous, personne n’est au dessus de la loi » Gen anpil moun ka defann mateli mwen padone yo, si se pa iniorans yo aji, mwen di yo la prochenn fwa pou yo reflechi avan pou yo defann mateli yo-a. Mwen trove sa ka fet la, sispek.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 6:46
    Permalink

    depi nan figi depite a ou we se yn vole,mezanmi se sel haiti koze sa yo pase wi,pou vole ap syege nan palman.adje wo,mmmm se sel sam ka di.sanble lot mounn yo ki kont sa kap fe la,se menm zengkendo,kindnape,vole machinn,evade prizon parey depite a.pa fache non amour patrie,se verite map pale.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 7:16
    Permalink

    Neg yo rele Amour Patrie mwen pa konnen pou ki sa yo pa ba w prezidan peyi a. Le lajistis ap tande Anel Belizaire se pou w vini pou w defann li enpi pou Martelly fout arete w tou ti sanzave pat sal.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 7:18
    Permalink

    Yon bann nan nou, nou fout chita nan peyi etranje nou panse nou ka vin pase lod isi. Gen nan nou nou pa menm fe setifika paske nou moute avyon nou panse nou konn tout bagay nou ka fe frekan ak moun ki pezib.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 7:30
    Permalink

    Comment voulez-vous que le blanc nous fasse confiance ,le monsieur est élu député personne ne l’a jamais contesté.Si vrai il était même accompagné du président dans une tournée et en plus il était invité au palais national dans le cadre des négociations visant à faire voter la politique général de Me Conille, le fait qu’il a tenu tête au président Martely d’un coup il a tous les défauts.Messsieurs les dirigeants ,vous agissez en apprenti dictateur, parce que vous êtes en train de persecuter un élu du peuple pour son opinion ,c’est ça le changement!Un jour ou l’autre vous allez perdre le pouvoir alors pourquoi vous ne voulez pas respecter la justice pour au moins on puisse dire de vous ,on ne pas leur faire de l’injustice parce-qu’ils ont respecté le droit des autres.C’est un signal clair que la dictature rejetée depuis 1986 s’annonce sur notre pays.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 7:39
    Permalink

    Apres avoir lu les commentaires je crois bien il nous faut une education mentale. Est peut etre un manqe d’information? C’est bein malheureux qu’il n’existait pas une justice pour empecher cette derive, mais j’invite les fous qui parlent comme des connards a voir le site hpnhaiti.com pour voir l’article avec une photo de Ce monsieur la comme etant un bandit dangereux recherche par la police. Il faut critiquer Martelly, mais critiquer Martelly ne doit etre pour un pretexte pour defendre les autres immoraux, si vous combattez des sanguinnaires combattez les a tout niveau. Quand vous commentez les lecteurs attendent quelques choses de bon de votre commentaire, alors arrez vous avez vos grisoires.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 7:43
    Permalink

    Si nou pa dako pou aplike lalwa nan peyi a, ap gen plis krim ak vol nan peyi a. Enpinite ap kontinye kondwi pep la nan plis mize, plis mize ap fe nou plis depann de entenasyonal la. aplike la jistis ap sove pep la, l ap ede peyi a pwogrese.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 8:37
    Permalink

    an nou pa ranse ak figi moun ,se koulie ya nou we, e nou konen ke Anel se te yon delinkan, koul gen prz de bouch avek chouchou prezidan ,epi nou toujou ap louvri djol nou bien gran poun di 3 pouvwa ,ban restaveg ,se pa Anel ke yon neg ap defan ,nou kon realite ya ,mwen pa gen dout ke miche te nan prizon, men pouki se koulie ya ,e map di nou yon bagay si chanm basla ta kite sa pase ,chak jou la prezidans pwal chantaje yo,gade nawe ,mwen toujou di nou kem gen yon ti chez ba Roi Christophe te kite pou mwen ,swam monte mown Pilboro avel ou mown lapie Gonaives poum ap gade Vagabondaj neg ap fe nan Repiblik powt-o-prins

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 9:19
    Permalink

    J’ai l’impression qu’on est au marche de la « croix-des-bossales », messieurs! C’est vrai que bon nombre de ces individus qui infessent ce site de detritus quotidiennement ont fait preuve d’un deficit chronique de respect d’autri mais aussi, ils prouvent qu’ils n’ont aucun niveau academique. Cet espace ne vous est pas offert pour ecrire des choses abjectes mais pour commenter sur un sujet d’actualite. Les eventuels lecteurs attendent que vous chatiez votre langage autant que faire se peut.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 10:05
    Permalink

    Rat pakaka sa si poze respekte prezidan vre,Dans le senat americain,Barack Obama,il y a un senateur qui lui a dementi pendant une seance,tout moun te we sa kom yon manke dega.Gen moun ki menm di si se te yon prezidan blan,senate a pa t’ap pemet li fe sa.
    Meme que tu n’aimes pas ton chef tu dois lui garder le respect.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 11:40
    Permalink

    Mesye, si nap pale de respè, nou ta dwe Mande depart Martelly an premye. Yon nèg ki pat janm respekte desizyon lajistis depi lè li ak kilot nan kanaval. lè yo di li kanaval ap fini a 3 zè dimaten, li vle rantre a midi. Li manke otorite leta- a dega jan li vle. Bon jodi-a, pou nou gen kouraj nap pale de respè. kounye-a, depi yon nèg chèf, li ka bay pos, tout pase l bliye. Antouka, si yo vle arete Anel, yo ka oblije arete anpil lot neg ki pa fini klè tou. Atansyon-wi, pa bouye jwet la non. Li ta pi bon pou SIX pa joure NEUF kochi.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 11:44
    Permalink

    Rob,

    nous avez bien raison, mais pourquoi utilise les bonnes competences pour un pays qui ne veut plus voir ceux la qui sont competents. C’est un pays ou les bandits regnent. Bandi nan palè, bandi toupatou, bandi komisè gouvènman. peyi-a kreve kè-m. Nous ne devrions pas etre à ce niveau.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 11:50
    Permalink

    Rubinste,

    Se pou ka arete moun ki pa koupab ki fè ou bezwen mete Milice Roze la sou pye-a. Enben lè ou fini arete Arnel Belizaire, wa deside sou mwen kom peyi-a se pou TETEKALE.

    Kounye, jan nou koumanse tankou diktatè-la, Nou vle fèmen dyol la presse, nap antre nan manman jounalis, nou vle kraze palman, nou vle kontrekare kominote entènasyonal la ap plan lame sanmanman nou an, nou bezwen arete Elu pep la. Tande, si sa ta re konsa van ka vire, yon pep ap soufri epi nap fout mete presyon sou li. Aksyon sanguinè sa yo pa gen plas yo. Kounye-a se kolaborasyon ki dwe menen AYITI.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 12:08
    Permalink

    Nou reyalize kijan nou menm Ayisyen anpil nan nou se immoral,n’ap benyen nan imoralite.Tout enstitisyon nou yo chaje ak move je.Imoralite tounen yon fason pou moun rive sou pouvwa nan peyi sa.Depi w se yon bon vagabon legal,ou se yon vagabon ou se yon kod gita,pèp ayisyen rekonpanse yo,mete sou pouvwa pou dirije.Imoralite nan salon pèp sa,li nan lachanm pèp sa,li nan tout kay pèp sa,li toupatou.Sa grav pase aksangrav.
    Si depite sa an afè ak lalwa tankou mwen te di,se pou lachanm depite sèvi ak lalwa ki nan lachanm nan pou mete misye fas ak lalwa pou defann tèt li san palè nasyonal pa foure bouch li nan zafè lajistis ki se yon enstitisyon endepandan.Si depite sa inosan,li ka retounen nan chanm nan,men si li koupab,li dwe rete lwen lachanm nan.
    Li lè li tan pou nou aji jan lalwa mande l nou menm ayisyen.
    Komanse sou prezidan peyi sa,si genyen youn vre paske se li ki pou bay ekzanp…respekte lalwa ak konstitisyon peyi sa.Si nou fè sa,peyi sila ap gen stabilite,l’ap gen developman,envetisman ap komanse rantre nan peyi sa epi ap gen travay,ap gen respè,lapè,tout moun ki nan MINUSTAH yo ap santi ke yo pa dwe la anko…

    JP

    21/10/2011

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 12:12
    Permalink

    M pa konprann nan intevansyion mwen-an, mwen pa defann Arnel Belizaire, kesyion -an pouki sa se kou li nan diskisyion ak mateli, yo mete tout bagay deyo, se pa sa yo rele jistis, jisits se pa fe prezidan an plezi,gen le tou, nou pa we mateli ka derespekte pep ayisyen sou youtube, moun ki ap viv nan peyi etranje yo, yo gen diplom e yo konpetan.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 5:27
    Permalink

    amour patrie:
    ou fout sezy, yo komanse ramase, chyme lavallas yo. ou fynk fout komanse enerve. Belizaire pral pran prizon paske yo gen dokiman sou li. non selman, li se yon evade, li se yon kriminel tou. zamm lan yo te pran lakay belizaire, te tue anpil moun. nom rene civil nan list tou, ki se patne kriminel belizaire. tout depite ake senate kriminel yo, nou pral mete dlo rose e blan nan divin yo. pwochen senate yo pral frape, se djol la lele, milot a, moise jn charles, pou krim lafoset, shada ake cite lescot yo. kote manman ake timoun pate ka viv, nan lapaix.

    Répondre
  • 21 octobre 2011 à 5:46
    Permalink

    Sweet Micky, Ti Simone, Masisi, mwen pa konn bon nom ou obyen Michel martely jan ou di yo rele ou la ! Gade sak rive Kadhafi? Sa vle di diktatè pa bay tande ? Veye zo ou nan tenten ou komanse fè nan peyi a ok. A bon entendeur, Salut !!!!!

    Répondre
  • 22 octobre 2011 à 4:41
    Permalink

    Amour Patrie monche gen le fok ou ta change non w wi, paske si w t renmen peyi a vre se pa vue liée san sans sa yo pou w t k ekri sou net la. Ni mwen ni w se Ayisyen an nô we roman n te k met tet an nou ansanm pou chanje peyi sa a.

    Répondre
  • 22 octobre 2011 à 9:12
    Permalink

    Tande Amour Patrie yon neg pa k volo kabrit enpi lap manke chef seksyon dega. Le w konnen w pa dwat se pou w fe respek a w. Paske tout moun pa reyaji menm jan.

    Répondre
  • 22 octobre 2011 à 9:50
    Permalink

    Viv la lwa, aba makout, diktate pa a la mod. Mateli chire li pap janm koud, li riske al nan egzil, paske li pa respekte konstitisyion men-m si konstitisyion pa vle sa-a, mateli ti simon-n sezi, li pap 6, an mars ici, yo develgonde, lap gouvene san ekip, yon bann ti sousou ki bezwen job, men-m kan yo konnen neg la son djab, y-ap defann ni kanmenm pou jwenn ti djob, men mesye non grav. Mateli pa bezwen pat ko-l, y-ap stope-l kanmen-m, men-m kan m pa dako ak jan yo tie Kadhafi, men fo miki ta we jan ke yo fini ak Kadhafi. Paske diktate pa a la mod anko. Viv le pep Ayisyen se li-k toujou gagnan.

    Répondre
  • 22 octobre 2011 à 10:41
    Permalink

    Se konnya mwen we moun ki volo se yo menm ki gen vwa o chapit. Kote lontan sa t konn konsa. Denpi se volo w ye ou pa k ap mete w devan sen nan jis ale we pou w ap manke noun dega.

    Répondre

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *