Lapolis nasyonal arete 3 vwayajè ak 5 zam nan aryopò entènasyonal Pòtoprens

Vandredi 19 novanm 2021 an, lapolis nasyonal d Ayiti arete, nan aryopò entènasyonal Pòtoprens, 3 moun, ki te sot peyi Etazini ak 5 zam, pami yo yon gwo zam yo rele fizi aso, dapre enfòmasyon ki vin jwenn ajans sou Entènèt AlterPresse.

Li sezi 3 bwat katouch nan men Marc Kerby Delva, Jean Pierre Jean Jules, et Ether Bourdon.

Moun sa yo te transpòte zam sa yo ak tout bal yo nan valiz yo, sou yon vòl ki soti Etazini.

Madi 16 novanm 2021 an, otorite lajistis ak lapolis te jwenn yon chajman zam sou yon bato, ki t ap debake Pòdepè, depatman Nòdwès.

Nan okazyon an, yo arete 2 moun, ki ta mele nan dosye sa a epi louvri yon ankèk pou idanfifye mèt zam sa yo.

 

 

 

Source:  APR

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *