Jacques Adler Jean Pierre ap tire Kont san bri san Kont

Source radiotelevisioncaraibes.com

Nan kad venntwazyèm (23e) edisyon Livres en Folie kap fèt nan MUPANAH sou Channmas soti 15 pou rive 16 jen 2017 kap pwoche la, mwen ap siyen dènye liv mwen ki rele TIGRI ki pibliye nan C3 Éditions. Liv sa a jwenn bourad Radio Télévision Caraibes ak Ministè Kilti.

Se yon rekèy kont ki gen 4 istwa ladann. Se nan kad yon rezidans ekriti mwen te ekri liv sila Montreal nan lanne 2015. Nan liv sa, gen anpil pèsonaj mwen envante poum rakonte anpil moso listwa timoun ap viv kit nan pwovens kou nan Pòtoprens kote mwen viv. Anpil nan moso listwa sila yose  envante mwen envante yo, konsa tou anpil nan yo se grann mwen (Grann Sisi) yon manbo ki se youn nan pèsonaj ki nan TIGRI ki te rakontem kèk ladan yo. Gen istwa ki rakonte reyalite jodi a san wete san mete. Tankou istwa TIGRI ki se pèsonaj ki pi enpòtan nan liv la pou mwen, li rakonte istwa anpil lòt timoun kap viv reyalite lavi a nan lari, san manje, san yon bon kote pou yo dòmi, nan batay pou yo konstui lavi yo pou kont yo. Anpil nan timoun sa yo lavi tchuipe yo. Se ka TIGRI.

« Depi Tigri te fin pèdi makòn zannimo l yo nan move tan, li bije al tabli katye jeneral li nan petyonvil. Depi lè a, lavi Tigri se krèv kè, nanpwen bouch pou pale, tinonm nan tou piti, ti figil gentan fin di tankou vyann ti sale yo met fri nan luil maskriti lè sezon gragou koumanse apre siklòn fin pase.

Lespwa monte bwa al kache pou Tigri pa poze lapat sou li.

Se dizondi yo pa blayi Tigri, se dizondi yo pa plapla Tigri tankou yon ti bandi, paske Petyonvil yo di se yon vil ki chaje gwo bandi ak yon bann ti bandi kap grandi.

Metye Tigri

Depil piti

Se te file zegwi

Lèl rive Petyonvil atò,

Lavi fè sa li wè Tigri ap vini, lavi tonbe kouri

Nan tout koridò Jalouzi

Pou Tigri pa met men sou li.

Lavi kouri

Lavi kouri,  li kouri, li kouri, li kouri…

Tigri pa fouti kenbe lavi

Tigri kouri pi dri dèyè lavi

Bounda nini

Chak fwa lavi wè Tigri ap vini

Li kouri pi dri pou Tigri pa touche menm ke chemiz li

Anmezi Tigri ap grandi, Tigri vin jwenn plis ladrès, li gen plis fòs poul kouri pi dri dèyè lavi

Nan tout koridò Jalouzi.

Wi Tigri t ap viv nan Jalouzi menm jan ak anpil lòt ti moun ki tap viv nan lari menm jan ak li, rèv yo kanni nan majigridi. Yo pran sant gwo zakatay vyann kap fri ledimanch nan kizin kay vwazinay afè bon, yo pa janm konn gou sa. Yo tande gwo blenndè ji kap brase, yo pa janm konn gou sa. Se toujou ti retay griyo ak zekay marinad nan bak machann ki bouche trip Tigri nan Petyonvil ak anpil lòt Tigri nan peyi a, menm si nou pa janm wè yo.

Tigri se yon ti bway bidonvil

Nou deja konnen nan bidonvil

Lavi pa ka fè pil nan pòch nenpòt ki timoun

Lavi ta pito mouri santi bò simityè Petyonil.

Se konsa, jou ale jou vini

Tigri pat  janm ka kenbe lavi

Nan plede kouri dèyè lavi, yon bann ti pye dlo lapli ap tonbe soti nan syèl, alòkile, lè Tigri wè li pa ka kenbe lavi, Tigri lage kòl nan kouri dèyè lapli

Tout lasent jounen, yon pakèt ti grenn dlo lapli yenyen kap plede farinen grennen, yon ti lapli kap vini dri, kap kouri pou Tigri

Tigri menm tou piti

Nan plede kouri pou kenbe lapli

Nan plede redi

Pou file zegui

Tigri bliye souri

Dlo nan je li fè youn ak dlo lapli a

Gen moun ki di bonnanj li pa sou li

Nan plede kouri dèyè lavi

Bonnanj li kouri pati kite li

Ou ta di Petyonvil se yon vil aristokrat granpanpan

Lavi pa ralanti pou Tigri

Lavi pito kouri a tout boulin

Travèse ravin

Al kache nan limouzin

Li te mèt minui

Anba gwo lapli, anba gwo fredi

Anba gwo labrin

Se Tigri ki pou file zegui pou tout grandèt ki pran kout lè nan je, jodi a ki avèg, ki pa wè …………………………..lire la suite sur radiotelevisioncaraibes.com

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *