Haiti: Texte intégral du discours de René Préval

prevall L’intégralité du discours du président René Préval à l’occasion du 206e anniversaire de la proclamation de l’Indépendance nationale. Le chef de l’État a prêché la stabilité en vue de consolider les progrès réalisés durant ces dernières années.

Moun Gonayiv, bonjou!

Pèp ayisyen nan 4 kwen peyi a! Ayisyen, ayisyèn k ap viv aletranje yo! Bonjou!

Jodi a, Premye Janvye 2010, sa fè 206 lane depi lame endijèn nan kreye peyi nou, Ayiti.

M ap reprann sa m te di 18 me ki sot pase a :

Si pa t gen dyalòg ant Desalin, Petyon ak Nèg Mawon yo, Ayiti pa t ap egziste.

Si pa t gen stabilite nan mitan lame endijèn nan, pa t ap gen ni Vètyè, ni premye janvye 1804 nan Gonayiv!

Konsa tou, si enstabilite, si chire pit pa t rekòmanse 17 oktòb 1806 lè yo asasinen Desalin, si peyi a pat fann 2 bout depi lè a, si listwa nou pa t tounen yon chaplèt koudeta, dechoukay, konplo ak lagè sivil, peyi a ta pi lwen jodi a, Esitou, peyi nou an t ap rele n chèmèt, chèmètrès.

Mezanmi! Pèp Ayisyen! Stabilite ak kontinite, se kle pou louvri premye pòt pou devlopman peyi a.

Se stabilite ak kontinite ki pou pèmèt nou konstwi.

Ann pran egzanp wout ki se yon gwo faktè pou devlopman peyi a.

Nan Plato Santral:

wout Pòtoprens-Mibalè fèk fin asfalte, wout Mibalè – Ench kòmanse e wout sa a gen pou rive jous Okap.

Konsa ap gen yon dezyèm wout k ap relye Pòtoprens ak Okap an pasan pa Plato Santral.

Ebyen, si se pat enstabilite, wout sa a ki te kòmanse depi sou premye manda m nan ta fèt pou fini depi lontan.

Yon lòt egzanp: Asfaltay wout Nasyonal nimewo 1 an ap vanse trè byen, soti Pòtoprens pou rive Senmak.

Nan mwa sa a, n ap kòmanse Senmak – Gonayiv. Si se pa t enstabilite, wout sa a, ki te kòmanse sou premye manda m nan, li menm tou ta fèt pou l fini.

Si nou vire nan Sid peyi a : Wout nasyonal nimewo 2 a ki soti Pòtoprens rive Okay te dwe kòmanse sou premye manda m nan.

Se kounye a l ap fini.

Enstabilite ki lakòz.

Yon lòt egzanp : Nasyonal nimewo 7 la Okay – Jeremi. Wout sa a fèk kòmanse.

Si se pa t enstabilite, li ta dwe fini osinon preske fini.

Se te kèk egzanp sou zafè wout, ki montre kijan enstabilite, se pwazon pou devlopman peyi a.

Ann pran yon lòt egzanp: Agrikilti. Tout peyizan sonje gwo jefò ki t ap fèt sou premye manda m nan atravè refòm agrè a, pri angrè ki te bese, anpil kanal ki t ap netwaye, pou Ayiti te ka pwodui manje.

Apati 2001, refòm agrè bloke, pri angrè monte, kanal pa netwaye.

Efò ki fèt apati 2006 rive jodi a fè Ayiti pwodui 25 pou 100 plis manje.

Nan Somè Mondyal FAO ki te fèt an novanm ane sa a, a Wòm, an n Itali, yo rekonèt ke Ayiti, se yonn nan peyi ki gen plis siksè nan kesyon sekirite alimantè, malgre tout pwoblèm ki te frape l nan ane 2008 la.

Ogmantasyon pwodiksyon manje a rive fèt, paske gen 81 000 ekta tè ki reyabilite, sa koute Leta 55 milyon dola.

Nou achte 267 traktè, 40 motokiltè, 500 ponp irigasyon ak 13 milyon zouti tankou wou, pèl, pikwa. Sa koute Leta 9 milyon dola.

Pran nan lane 2006 pou rive nan lane 2009, nou achte epi distribye 3 mil tòn semans ak bouti. Sa koute Leta 3 milyon dola.

Pandan efò sa yo pèmèt ogmante pwodiksyon manje a, li pèmèt tou kreye travay pou peyizan yo. Epitou li ede kenbe stabilite goud la, paske nou te vin bezwen mwens dola pou enpòte manje.

Si te gen stabilite ak kontinuite ant 2001 ak 2006, eske nou wè valè pwogrè ki t ap fèt nan domèn agrikilti a.

Elektrisite, se yon gwo faktè pou devlopman peyi a. Lè mwen rive an 2006, mwen jwenn EDH ak yon kapasite 83 MW.

Jodi a, nou rive a 182 MW, sètadi yon ogmantasyon de 120 pou san.

En 2011, n ap pase a 206 MW.

Pèp ayisyen!

Men gwo kesyon pou peyi a poze tèt li kounye-a : Eske enstabilite ap retounen kraze tou sa k ap fèt yo, tankou sa te pase ant 2001 ak 2006?

Eske n ap pèdi 300 otobis Dignité ak Service Plus nou fèk achte yo? Eske n ap pèdi 90 milyon dola materyèl CNE k ap fè wout nan tout peyi a?

Eske n ap pèdi 267 traktè agrikòl ak 500 ponp irigasyon yo, osinon eske n ap achte lòt mete sou yo pou n fè plis manje?

Ant 7 fevriye 1996, lè m kòmanse premye manda m ak 7 fevriye 2011 lè m prale; 15 ane ap pase.

15 ane, se anpil nan istwa yon peyi ki gen apenn 200 zan. Ala wout, ala pwogrè, nou ta fè pandan 15 ane sa yo, si te gen stabilite ak kontinite.

An 2004, pou selebre desantyèm anivèsè endepandans peyi a, olye nou t ap gade kijan pou n fè plis wout, mete plis kouran, achte plis traktè ak angrè, plis otobis, plis materyèl pou CNE, nou te pito ap tire kout fizi, boule kay, boule machin, boule magazen.

Eske nou kwè se nan enstabilite ak ensekirite n ap ka devlope peyi a? Klima stabilite n ap viv depi 4 an mennen sekirite ak konfyans ki bon pou devlopman peyi a.

Nou annik gade kantite frè ak sè nou ki soti lòt bò dlo vin pase fèt ak fanmi yo. Se paske yo jwenn plis kè poze, plis wout, plis kouran.

Stabilite ak sekirite a mennen konfyans lakay envestisè yo. Se konsa an 2004, kantite djòb nan faktori te tonbe a 12 mil.

Tout moun konnen poukisa : ensekirite. An 2006, kantite djòb nan faktori yo rive a 14 mil.

Kounye-a, li monte a 26 mil. E an 2010, nou prevwa l ap pase a 50 mil. E si tout bagay pase byen, an 2011, kantite djòb nan faktori a ap pase a 100 mil.

Tout moun konn poukisa : stabilite ak sekirite a.

Imaj ak repitasyon peyi a ap chanje. Konfyans ap retounen.

Si se pa t konfyans, ou kwè Konpayi Wayal Karayibeyann ta pran chans asosye l ak Leta ayisyen pou envesti plis pase 50 milyon dola nan Labadi?

Pèp ayisyen!

Pa bliye, eleksyon pral rive. Eleksyon sa yo enpòtan anpil, pou ranfòse demokrasi a.

Si eleksyon yo pase byen, nan kè poze, nan transparans, san paspouki, san magouy, sa ap ranfòse konfyans ni Ayisyen, ni etranje nan kapasite peyi a pou l kontinue ranfòse stabilite l.

E se stabilite sa a, k ap pèmèt konstwi wout, lekòl, lopital, mete plis kouran.

Se stabilite a k ap pèmèt anpil djòb kontinye kreye nan faktori, nan agrikilti, nan touris, nan konstriksyon, elatriye.

Pèp Ayisyen!

Si pa t gen stabilite nan mitan lame endijèn nan, zansèt nou yo pa ta ka rive kase chenn esklavay kolon yo.

Menm jan an, si pa gen stabilite andedan sosyete a jodi a, nou p ap rive kase chenn mizè ak povrete a.

Ann kase chenn divizyon ak eksklyzyon an ki mare peyi a depi 17 oktòb 1806 apre asasinay Desalin.

Devwa nou tout jodi a, devwa nou apre 7 fevriye 2011, lè m ale : Se travay pou ranfòse e kenbe stabilite a. Moun Gonayiv!

Pèp ayisyen nan 4 kwen peyi a! Ayisyen, ayisyèn k ap viv aletranje yo! M ap swete nou yon bòn ane 2010 nan lapè, sekirite ak stabilite.

Mèsi

Une pensée sur “Haiti: Texte intégral du discours de René Préval

  • 6 janvier 2010 à 1:10 PM
    Permalink

    moin kité haiti dépi 40 lané min moin toujou ap suiv sa kap pasé.Yo di préval sé diktatè min’m ouè sou gouvènman’l yo moun di sa yo vlé san inkiétid,conatel fè profi jiskas ke li réprésanté 25% assièt fiskal péyi’a,rout ap fèt,komansé guin plis limiè,guin plis sékirité,guin plis zouti pou agrikiltè ect.ect moin pensé ke nou ta dwé kité’l fi’n fè mandal la épi kotinyé amélioré sa l’ap kité yo.Sé konsa nap avancé é insi dé suit

    Répondre
  • 6 janvier 2010 à 4:53 PM
    Permalink

    Frem, GUYC(ki laj ou kounye a? Kotew ap viv?), siw kite Ayiti depi 40 lane, ou pa ka dim ke ou WE. Ou teka dim ke ou tande X ou Y di oubyen ekri. Epi, ou pa dwe ap bay tet ou manti frem. Si sou Preval ou we moun ka pale, se pa gras ak Preval. Se gras ak tout batay ak lit ke anpil ayisyen ak ayesyenn mennen pandan 50 denye lane yo. Pou sa, frem, gen anpil moun ki pedi livi yo. Anplis, nou an amerik, tou pre etazini, lobey ke Preval ak patizanl yo e lot ayisyen konn ap fe nan peyi sa fe ke Nasyonzini(BLAN YO, KOMINOTE ENTENASYONAL) prezan nan peyi a depi 15an preske afile. Saw te vle pou li ye men? Se pou moun pat ka pele toujou.
    Si ou vle bay ochan pou Prezidan Preval, si ou vle bat bravo pou li, si ou vle di ou renmen e ou dako ak jan li ap dirije peyi a se dwaw(ebyen,tounen nan peyiw). Ou gen tout dwaw pouw fe e pou di sa. Anpil moun mouri pou ou ka gen dwa saa, se pa yon moun ki bawoul. Men lew ap fe saa fok ou vini ak de bagay ki ka motre ke nou sou wout devlopman, wout modenizasyon an apati de yon plan ke ou konnen e ke ou we ki ap aplike. Plan ke ou we kap bay peyi a ESTRIKTI pou li vanse. Plan ki ap mete an plas pou ESTIKTI yo pwodwi chanjman pozitif a lavni. Si se wout, ak konstriksyon an beton wou kwe ki devlopman, dim pouki nou eta sa toujou.
    Dim selman ki pwogram ou konen ki ap aplike la. Gade pouw we si se pa ESTRIKTI B. Obama ak N. Sarkozy ap mete an plas pou peyi yo ka gen yon lot avni.
    ALA TRAKA SAW KO WE.

    Répondre
  • 6 janvier 2010 à 6:03 PM
    Permalink

    Si seulement on pouvait consacrer le budget de la MINUSTAH a l’agriculture, on aurait une vraie augmentation de la production agricole. On verrait son impact sur le prix des produits de consommation courante. L’augmentation dont parle le chef de l’Etat se refleterait sur les conditions de vie de la population.
    Quant a la satabilite, Mr. Preval doit lui-meme creer les conditions necessaires a la stabilite en respectant les droits fondamentaux des haitiens.

    Répondre
  • 6 janvier 2010 à 6:29 PM
    Permalink

    Se vre Met Tibab,mwen dako ak ou san pou san,ou se you moun avize.Mesi sitwayen ou p’ap kite yo ban nou zannana pou Sizan .Preval nan diskou li a ap cheche jistifye 190 milyon ke li kraze nan men madan Pyelui a.Monche ou fenk fe yon ere malgre ou p’ap bwe jou sa a preyidan men ou t’ap bay pawol tafya ki donk ou toujou sou.W’ap pale de kontinite pou ou ka genyen majorite nan 2 chanm yo pou ou pa jije,paske monche Preval fok ou jije.se pou preval di si li pat t’ap plede gaspiye kes leta an depi nan premye manda li a ak marasa li Aristid ayiti t’ap byen lwen vre wi,si li p’at fe eleksyon pikekole pou l’te mete Aristig padon Aristid sou pouvwa a anko epi pou l’te ka di naje pou soti,men pep sa a tou merite baton,men prezidan sa pa two banm pwoblem non le m’ we w’ap wonfle yo nan tout sans gade kijan ou femen inivesite pou ou ka bay pep la Moyiz ak Jowel senate,sa vle di fok jenes la pa kwe nan lekol anko paske si n’si konstitisyon nou an pat tet anba ou pa ta fouti prezidan nan vi ou,paske ta sanble ou pa fin two kle nan zafe etid la.w’ap mete kotinite an plas,men bon kontinite,Leonel Fernandez ap toujou yon dokte nan zafe dwa,pandan yo pa menm ka jistifye si ou te acheve etid agwonomi ou,se jan de senate sa yo ou vle bay pep lan 14000 kilowat wout,mesi preyidan,padon prezidan,men sak Ayiti,pandan yon kazek an Repiblik dominiken genyen pou pi piti yon lisans,pou nou pa di metriz ak doktora,men bon dirijan se sel Ayiti ki pou genyen dirijan sa yo,n,tout depite tet mato CPP yo kouri nan inite pou yo ka fe kontinite Prezidan an ap pale a.Male papa oblije.

    Répondre
  • 6 janvier 2010 à 8:53 PM
    Permalink

    Msye ti bab gen le, w we nan linet fenwa, oubyen w we nan boutey fenwa pou pa ka we sa Preval fe,Guyc sa fe 40 tan li kite peyi-a men li rezone pi byen pase-w, men-m kan m pa konn depi kile w kite, w byen sou nan peyi-a, le nou nan peyi-a nou pa konprann sa kap pase, si se sa m padonnen-w, men le w voyaje wa konprann sa prezidan Preval ap fe la, mwen men-m map viv lotbo sa fe-m 20 tan men mal vizite-l chak 6 mwa

    Répondre
  • 7 janvier 2010 à 2:58 AM
    Permalink

    GUY C, repase leson w, osinon wap rete anba Tab Mèt Tab
    Lè Préval ap pale de ensekirité, ak tafya nan tèt li, li ka desann tout yon gildiv kleren. Kòm li pagen bilan pou l bay pou 2009, apre yon seri de deblozay politik, li al layite kòl nan koulwa mansong poul roule pèp Ayisyen nan farin.
    Preval di l se agwonòm, men pèsonn moun pa janm wè diplòm li.
    Preval tap travay na peyi Etazini kòm « Barman«  an 1976. Papa l ki se te Divalyeris devant létènèl fè l jwènn djòb nan ministè min sou Janklod Divalye.
    Nan lannen 1990, li antre nan CIA pou l te ka enfiltre Pati Fanmi Lavalas.
    Kidonk, si gen ensekirité nan peyi a jodi a, se pase l te fè konplo tankou Jean-Baptiste Conzé ak blan Kanadyen, france e Meriken, ki fè nou nan ensekirite jodi a.
    Preval tèlman pa gen anyen pou l bay kòm bilan pou 2009, li retounen an 1806. Kote sa l fè limenm diran 4 ane l pase nan pouvwa a.
    Menn bilan li bay la a, se menm pawòl rechofe yo li di chak ane.
    Si Préval te banou yon ODIT sou tout lajan leta li ranmase depi 1996 a 2001, plis de 2006 à jodi a, nou ta konprann,li pase ^plis lajan nan gagòt ke sa l mete nan reyalizayon.
    Gransè preval ki rele MARIE-CLAUDE CALVIN PREVAL, prete nan kès l’ONA nan ane 2009 la, 176 milyon goud, kivo plis pase 4 milyon dola vèt, san l pa bay okenn garanti Ipotekè. Li prete kòb sa a pou 30 lane, sa vle di jiskaske li gen 97 lane. L’ULCC, (INITE LIT KONT KORIPSYON), Akize 49 depité ak senaté, minis Germain plis anpil kolaboratè Preval.
    Prezidan bab kanni rele AMOS DURosier ki se prezidan l’ULCC ak akize yo nan tribinal li nan palè a,li kase fèy kouvri sa. li flanke SANDRO JOSEPH nan prizon AVI. epi… san jigeman pou pawòl pa pale!
    kòmkwadire si eleksyon ta fè lib nan peyi a, nou panse pèp la ta ase fou pou l al jete yon bilten pou INITE rene Preval la! Bektipoul…
    Preval poko dinou ki sal fè ak 400milyon dola ki depoze nan yon kont etranje,san tras, 197 milyon an se degi nan kòb ki pèdi. kote l jwenn kòb li achte 3 kay pou grimèl li fèk marye a. KÒb lap separe bay senaté ak depite INITE yo, eske se lajan sal.
    Préval preke reproche DESSALINE pase l te banou endepandans, alos li pa di anyen sou charabya l la kons`nan prezans solda etranje ki rantre nan salon pèp Ayisyen san respè avèk bòtsal militè yo.
    Preval paka konvenk menn tèt li, alevwa pou pèp vanyan.

    Répondre
  • 8 janvier 2010 à 2:02 PM
    Permalink

    BRAVO KANSONFER. Fok nou konnen jan de konpotman sa yo ke chef nan leta en Ayiti toujou genyen yo. Apre, lot egare ap vin bay glwa, lwanj pou moun kap benyen ne koripsyon ak tout fami yo paske se yo ki chef. Yo konnen ke anyen pap rive yo.

    Répondre

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *