Gwo inondasyon, 30 janvye 2022 a, nan komin Baradè, depatman Nip peyi d Ayiti

Lapli, ki koumanse tonbe, depi 3 zè di maten, dimanch 30 janvye 2022 a, lakoz gwo inondasyon nan komin Baradè, depatman Nip peyi d Ayiti. Gen malè ki pandye sou lavi anpil moun, ki rete toupre rivyè ki debòde, nan Baradè, dapre temwayaj AlterPresse/AlterRadio ranmase.

Jan espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an te prevwa inondasyon bridsoukou, divès kote, lapli k ap tonbe yo lakoz anpil dlo desann, plizyè kay inonde.

Popilasyon nan Baradè mande ekip pwoteksyon sivil yo vin pote kole ak yo, yon fason pou ka sove lavi plizyè moun ki menase, ki rete tou pre rivyè ki debòde.

Nan yon temwayay li bay AlterPresse/AlterRadio, Clitan Madat, k ap viv nan komin Baradè, voye yon kout rèl sou sitiyasyon dlo ki desann anpil, nan komin Baradè.

Gen plizyè zòn ki an danje, nan zòn Simityè, Vilnèv, ri Dèyè, elatriye, dapre sa Clitan Mandat fè AlterPresse/AlterRadio konnen.

Anpil anpil moun ki ka mete kò deyò, akoz kantite gwo dlo, k ap desann nan vil Baradè.

 

 

 

Source: APR

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *