Haïti/Politique: Evans Paul contre l’éventuel cynisme de Michel Martelly
Le leader du regroupement politique « Konvansyon Inite Demokratik » désapprouve les propos de Michel Joseph Martelly selon lesquels il pourrait se comporter en cynique si nécessaire, pour faire respecter la fonction présidentielle.
De telles déclarations ne sont pas dignes d’un chef d’état estime Evans Paul.
L’ancien candidat à la présidence met le président de la République en garde contre toute attitude impulsive car cela pourrait selon lui, causer du tort au pays et à la société.
Il conseille par ailleurs, aux parlementaires de n’engager un bras de fer avec monsieur Martelly, mais de se comporter en hommes et femmes d
ou bien parle kp meme si se rat morde soufle ou ye
Bon Martelly devarit etre un père malheureusement. Cette question de Cynique sera adopté pour ceux -là qui malheureusement ont pris la chance de l’acceder au pouvoir. Dans le cas, il laissera le pouvoir avant la fin de son mandat. Sa ki pa tap mal ditou.
pa bliye pep la pat nan salon kote magwouy pou te met Mateli prezidan an tap fet, kidonk le nou bouke tout moun konnen rezilta-a , lame ou pa
Kolektif Mobilizasyon pou Dedomaje viktim Kolera yo, Kaba Grangou, Je Nan Je
Deklarasyon divès kowalisyon òganizasyon nan okazyon yon lane depi epidemi Kolera MINISTA a ap touye moun nan peyi a
Noumenm divès kowalisyon òganizasyon ki nan mouvman sosyal popilè a, nou kole vwa nou ansanm pou nou di non kont MINISTA, nan okazyon yon lane depi yo te dekouvri maladi kolera a nan peyi a. Nan dat 19 oktòb 2010, jounalis ayisyen kou etranje ak espesyalis nan zafè lasante, te dekouvri epidemi kolera a nan Plato santral. 19 oktòb 2011 lan, fè egzakteman yon lane depi sòlda MINISTA kole nan gagann nou, epidemi sa a ki deja touye anviwon 5 mil moun epi voye plis pase 400 mil lòt al kouche sou kabann lopital. Malgre tout rechèch ki fèt montre aklè se MINISTA ki pote malè pandye sa a, nou konstate Leta ayisyen ak Nasyonzini refize pran responsablite yo pou viktim yo jwenn jistis ak reparasyon. Olye otorite yo fòse Nasyonzini pran responsablite li, yo pito fè avoka MINISTA, nan chache jistifye zak li yo.
Yon lane apre epidemi kolera fin enstale l nan tout peyi a, tout kondisyon toujou reyini pou pifò popilasyon an trape maladi a. Pifò moun nan peyi a pa gen bon dlo pou yo bwè. Se nan rivyè kote bèt bwè dlo, pifò moun nan peyi a ap bwè dlo. Pa gen twalèt pou popilasyon an al fè bezwen yo, alewè pou lopital kote pou yo pran swen. Akote maladi kolera a ki deja apt aye banda nan kat kwen peyi a, MINISTA pa janm sispann jete matyè fekal nan divès depatman nou yo. Anplis sa, tout moun konnen sòlda MINISTA yo se yon bann pwofesyonèl nan fè kadejak sou jenn fanm ak jenn gason, timoun . Nou paka bliye zak kadejak 3 sòlda Pakistanè te fè sou Nadège Nicolas nan Gonayiv nan lane 2005. Nan dat 24 me 2010, yon dizèn sòlda brezilyen MINISTA yo rantre nan Fakilte Etnoloji, yo arete epi maspinen etidyan Frantz Mathieu Junior. Alòske, tout moun konnen espas inivèsite a, se yon espas ki envyolab. Dènye zak ki chavire bonèt pifò moun nan peyi a, se kadejak 4 sòlda irigweyen fè sou jenn gason Jonny Jean nan Pòsali.(solda srilankè yo, m pa sonje dat la, piti yo te pann okap la)
Nou pran sèlman kèk egzanp move zak nan mitan yon dividal lòt, pou nou montre kouman fòs okipasyon an ap imilye pèp ayisyen an. Zansèt nou yo pat batay pou pèp la te kontinye ap pran imilyasyon nan men MINISTA ak kolon etranje tankou Bill Clinton ki nan tèt CIRH la.
MINISTA dwe kite tè Desalin nan epi CIRH la dwe disparèt.
Pou noumenm divès kowalisyon ki siyen deklarasyon sa a, MINISTA ak CIRH la, se 2 zèl yon sèl malfini. MINISTA se zèl militè malfini dominasyon ak okipasyon peyi a. CIRH la, ki gen nan tèt li nouvo kolon Bill Clinton, se zèl ekonomik ak politik la. Se malfini sa a ki responsab aplike tout politik FMI, Bank Mondyal BID ap deplòtonnen nan peyi a depi lane 1980 yo ak konplisite otorite nan leta a. Yon kalte politik ki echwe nan peyi a, ki tabli plis mizè, chomaj epi ki preske fin detui pwodiksyon nasyonal la. Se pou sa nou kwè MINISTA dwe ale epi CIRH la dwe disparèt.
– Lè n konsidere Ayiti pa nan lagè ak okenn lòt peyi epi li pa reprezante yon menas pou okenn peyi sou latè.
– Lè n konsidere akò 9 jiyè 2004 ki te ponn MINISTA a, se yon akò ki illegal epi ki kont konstitisyon an ki deklare Ayiti se yon peyi ki granmoun tèt li.
– Lè n konsidere prezans MINISTA nan peyi a se yon souflèt marasa pou papa nasyon an, pou tout zansèt nou yo ak tout ayisyen ki kwè nan yon Ayiti granmoun
– Lè n konsidere pratik fimen dwòg (gade rapò RNDDH la) ak kadejak MINISTA yo, se move egzanp pou jenn gason ak jenn fanm k ap leve jounen Jodi a
– Lè n konsidere dega epidemi kolera MINISTA a ap fè nan peyi a
– Lè n konsidere CIRH la se yon zouti dominasyon ak anvlopman k ap ranmase richès pou gwo antrepriz miltinasyonal yo
– Lè n konsidere 865 milyon dola vèt k ap depanse nan MINISTA chak ane yo, ka sèvi pou konbat maladi kolera a, nan konstui lopital epi bay pèp la bonjan dlo potab
– Lè n konsidere MINISTA echwe nan tout misyon ofisyèl li te bay tèt li nan peyi a.
Nou deklare li lè li tan pou nou chante antèman MINISTA ak tout CIRH la. Se pou tout rezon sa yo, nou mande pou MINISTA kite san pèdi tan, peyi zansèt nou yo te batay kite pou nou an. Kowalisyon sa yo mande reparasyon pou peyi a ak pou tout viktim kolera, kadejak ak represyon ki fèt sou pèp la.
Aba CIRH!
Aba Bill Clinton!
Aba okipasyon!
Viv lit pèp la
Pou Kolektif la:
Pou KABA Grangou:
Pou Je nan Je:
Martelly panse peyi-a se yon cha kote li pra’l simen tenten si nou kontinye tinktink li li pral desann pantalon tou « tet ki abitye pote chapo ap toujou pote chapo »
gade Evans Paul,papa chat,vole kes leta kap vinn fe moral Martelly,se pou Martely mete pantalon sweet mikki poul dirige haiti.mwen Dany Orilien m siyen deyel
Evans Paul,Micky se repons ou ak tout klas politik la li ye.Donk femen bouch ou,Si jenerasyon w la te pwouve l’ Micky pa tap la.Nan goumen pou pouvwa fe MUNİSTAH vin pote maladi ak masisi nan peyi a.Nou pa nan jenerasyon w la anko,e nou pa gen dwa janm vote GRANMOUN anko.
Sa grav pou Ayiti.Peyi sa pa bay moun valè vre mesye.Tout moun gen dwa pale depi se pa de vyolans l’ap preche.Sa grav mezanmi.Ayiti bezyen komanse aplike,ranje edikasyon li yan vre!!!!!!!Kote tolerans la ye la? Epi n’ap mande chanjman.
JP
Neg yo ape fe, honte sevi kole. tout le yo te sou pouvwa, yo pate regle anyen pou pep ayitien. kounyen, President Martelly sou chimin pou chanje vie pep ayitien san asystans neg sa yo; yap esseye destabilize program Prezidan. se yon verite, kote preval ake dorsainvil mete yon dal chime nan palman’an. depite belizaire se te yon nan chime ake rene civil, kitap terorize moun nan port au prince. tout le preval ake aristide tap vole lagent pep la; kote neg sa yo te ye; yo pate denonse attitude preval ake aristide. Prezidan Martelly: ou nan bon woute, kontinye nan chimin chanjeman.