Haïti: Le passeport diplomatique de Jean-Bertrand Aristide finalement émis

Les autorités haïtiennes ont émis lundi un passeport diplomatique pour l’ex-président Jean-Bertrand Aristide exilé en Afrique du Sud depuis 2004.

Le passeport de M. Aristide devait, en principe, être remis à son avocat américain Ira Kurzban, selon les informations disponibles.  Le numéro de ce passeport est le D001653. Sa date d’expiration est le 6 février 2016.

L’obtention de ce passeport pourrait faciliter le retour au pays de Jean-Bertrand Aristide comme le souhaitent ses partisans.

Une pensée sur “Haïti: Le passeport diplomatique de Jean-Bertrand Aristide finalement émis

  • 7 février 2011 à 1:33 PM
    Permalink

    Epa sanwont sa yo vle fini ak nou.
    Ki plan René Préval ap pare la pou nou anko nan peyi ya?Depi 5 ane l’ap dirije epi se kounyela ou aksepte voye paspo bay diab baka parèy ou pou retounen vini bay ou lebra ak kouraj pou maltrete nou.
    Ou vle gate tout bagay.Se sa René Préval…Sa ke w’ap chache ya,w’ap jwenn li.Ou pa Prezidan Ayiti anko depi maten lindi 7 fevriye 2011 sa apre minwi.
    Ou eseye itlize JCD(LAVIEDUR)pou fè teyat,sa pa mache.Kounyela w’ap sèvi ak JBA(LISIFER)pou gate sa nèt.OK !!! Mwen konprann ou epi w’ap gentan konnen.
    Eleksyon an ap fèt ak ou,ou byen san ou.N’ap mete yon prezidan,moun serye pou dirije nou.Moun sa se Madan Manigat.
    JP
    7/2/2011

    Répondre
  • 7 février 2011 à 1:35 PM
    Permalink

    epali papa.nou pral we si sepat blof ariste le tigre ta bay pep la.

    Répondre
  • 7 février 2011 à 1:50 PM
    Permalink

    Ki sa ou te konprann de marasa. Gan tout kalte marasa. Gan bon. Ganyen ki la pou gate sa. Antouka.

    Répondre
  • 7 février 2011 à 2:02 PM
    Permalink

    mèsi president preval et nap di mèsi tou ak tout manm gouvènman ki te pran responsablite pou bay prezidan aristid paspò saaaa nap mande tout patizan titid yo pou kontinye leve flanbo mobilizasyon an nan lòd ak disipli n jiskaske titid rive tounen jodi a nou ka di ak fòs ak prezans titid ayiti pap peri

    Répondre
  • 7 février 2011 à 2:43 PM
    Permalink

    Mwen panse nou nan yion situasyon ki mande mete ogèy,jalouzi rankinn yon kote pou nou kapab gade pi devan Ayiti peyi nou an nan kk se nou pitit li ki pou netwayelAyiti se pou tout Ayityen,yion moun se dezod se la jistis ki doue regle sa.se tout dirijan Ayityen yo ki sakrifye Ayiti pa gen yion ki te pibon ke lot pou’Mdi tout se volè si Duvalier ka la, Aristide ka la Cedras ka la tou ak Michel fracois ka la nan sans se rol la jistis ki doue an kesyon pou jije yo.

    Répondre
  • 7 février 2011 à 2:53 PM
    Permalink

    Se demach blan -an pou mete nou plis nan kk,yap eseye fonde 2 kan opoze nan peyi Lavalas ak makout pou fè nou batay,pou divize nou paske nan moman sa-a le mond ap trevèse yon grav kriz ekonomik tout gran peyi yo gen pwoblem pa yoli pap fasil pou Ayiti jouen 11 miliya 00 $ pou ede nou rekonstrui Ayiti teknik lan se mete nou dozado epi ya montre le mond yo te vle ede nou,men se nou kiampeche sa fèt.Depi lontan nap viktim amba fom diplomasi sa-a li leu litan pou pran responsablite nou an men pou nou montre nou se pèp sivilize nou kapab rekonstrui tèt nou.Nou panse retou Duvalier a simp ,retou aristid la pap simp non plus se yon plan makab se nou ki pou metreze pou nou kon sa nap fèak Ayiti cheri nou-an

    Répondre
  • 7 février 2011 à 2:57 PM
    Permalink

    Ann gade si lap vini. Si l vini ann gade pou we kisa lajistis ap fe, apre tout krim li fi n fe nan peyi a, apre l te fi n pran pouvwa a tankou you ti pov epi le l soti li milyone. Ann gade pou we ki pozisyon kominote entenasyonal la ap pran nan sa. M ta renmen we pozisyon kek moun tankou madan Jn Dominik, Osne Fevrye (jan Fevry te konn frape fo sou Tig la – menwi bon kounye a se ak yo lap fe kob li), elatrye. Preval pat ap kite Aristid antre pandan li menm li te sou pouvwa, paske li konnen Aristid tap pral bal kek chaplet tankou l te konn fe l le Praval te prezidan premye fwa. Men Preval pral kite pouvwa a, li di sa pap fe l anyen, menmsi dyab la vini, la manje lot moun. Men ou pa janm konnen.
    Bon tout moun konnen Titig se you gate sa. Si yo kite l vini se an konesans de koz. Lavalas we pep la pa vote yo menmsi yo vole eleksyon an nan tout nivo. Men yo we yo pedi prezidan yo, enben yo di nap gade sa, yo voye chache Titig. Men nap gade pou we si l ap rive an Nayiti nan figi tout moun ki konnen ki vale dyab Tig sa a dyab. M pral mete pa two lwen fwontye a. Menmsi Dominiken yo touye nou lot bo, men petet ya banm you ti chans, se moun yo ye. M konnen ak Aristig, m pap gen chans menm, li pa moun. Map swiv bagay yo de pre.

    Répondre
  • 7 février 2011 à 3:34 PM
    Permalink

    Si Jean Claude Duvalier ka retounen pouki sa Aristid pa ka tounen? Paske Ampil moun toujou renmen Aristid. Si kounye a nou pe,sa vle di pays a gin ampil effort poul fe. Si Aristid te panse lel vini isit li ta pral nan prizon, nou met te peyel lajan li patap vini haiti.
    Malgre tou, tout haitien santi yo pi byen le yo an haiti. Bay Aristid chans poul vini goute paradi a.

    Répondre
  • 7 février 2011 à 4:07 PM
    Permalink

    konpatriyot,nou salwe’w!

    Mesiye JPierre sa a se okiltis!

    Ayisiyennman not!

    Répondre
  • 7 février 2011 à 7:11 PM
    Permalink

    Eh bien Michèle montas,j’espère que tu commences à préparer tes papiers pour mettre l’action publique en mouvement contre ce criminel du nom aristide. De toute façon, je ne voulais pas prendre position sur les candidats mais le fait que ce méchant a en main son passeport.Donc, je demande au peuple haitien de voter Micky car seul lui peut nettoyer le pays de aristide et ses koko rats.

    Donc, on sort voter Martelly pour donner un kampé loin avec lucifer.

    merci

    Répondre
  • 7 février 2011 à 7:56 PM
    Permalink

    Pierre Michel, tu penses en fonction de la limite que t’impose ta formation. C’est quand même dommage que tu n’aies pris jamais le temps de réfléchir sur la situation du pays. Haiti appartient à tous les Haitiens. Tout Haitien a le droit de vivre dans son pays. Il appartient à la justice de faire son travail contre ceux et celles qui auraient commis des actes repréhensibles dans le pays.

    Répondre
  • 7 février 2011 à 8:36 PM
    Permalink

    Evenman sa yo moutre tre kle ke Ayiti bezwen moun ko m ansyen hero nou yo pou libere peyi a de malveyan sa yo ki pase peyi a nan kont betiz epi ki vle retounen vi n kontinye vyolel.Li le pou moune serye et onet oganize yo pou yon bon netwayaj fet la danl.Soti nan divalye pase pran henri nanphy ak cedras prosper avril rive sou preval ak aristide,tout vwayou sa yo vi n rann kont pou sa yo fe sosyete a.Se yo tout ki responsab pa gen yonn ki inosan nan sa kap pase la a

    Répondre
  • 8 février 2011 à 6:12 AM
    Permalink

    Si giyon sa a tounen nan peyi a Nou mele pi red. Makout yon bô lavalas yon lot bô ! ebyen peyi a pral divize an 2. Mwen menm mwen pa la e mwen pap janm mete pye mwen sou yon tè konsa

    Répondre
  • 8 février 2011 à 7:51 AM
    Permalink

    Apre la ge se la lage. Apre enjistis se enjistis. Apre revanch se revanch. Ou touye yon moun jodia, demen se tou moun ki te touye lot la. Jodia gouvenman saa gan patizanl kap touye pou li, demen patizan yo mouri menm jan an. konsa. konsa. konsa chak fwa. Eske’n oblije kontinye konsa tout tan?????

    Mwen menm, san enplikasyon peyi zanmi Ayiti, san kominote entenasyonal la, mwen ta renmen pou tout pep ayisyen an lanse yon mouvman grenn nan bouda pou fe la pe, rekonsilyasyon, lanmou;
    yon gwo mobilizasyon grenn nan bouda pou rekonstwi Ayiti ki fi’n peri, map envite ayisyen tout plimay nan yon mouvman grenn nan mouda pou’n plante pye bwa nan tout tet monn nou yo;
    yon gwo mouvman grenn nan bouda pou tout ayisyen viv ansanm san diskriminasyon koule, ni klas sosyal;
    bouro pep ayisyen an pa aysyen,
    ann pa reponn yon krim pa yon lot lot krim,
    si yon fle low krazel anba pye, poul ryaji li degaje bon lode nan nenw,
    nou, pep ayisyen, ann voye lanmou bay tout moun nan lemond antye,
    viktwa nou se nan lanmou li ye

    Répondre
  • 8 février 2011 à 7:51 AM
    Permalink

    prison? Je pense que ce serait une bonne place pour Arisitide et Duvalier

    Répondre
  • 8 février 2011 à 9:51 AM
    Permalink

    de tout fason Aristid dwé rangé securitél nan péyi dayiti,paské Aristid gen pwoblèm plis ke divalier nan moman aktiel,surtout problème ak ancien militè yo,san mwen pa bezwen alé pi lwen.

    Répondre
  • 8 février 2011 à 9:54 AM
    Permalink

    Gen ampil Ayisyen ki di Aristid gen pwen moun paka fèl Anyen,map mandé ki koté pwen sa a te yé lè yo tal chaché msié pou yo anbakél pou lafrik,mwen sim ta nan plas Aristid mpa tap tounen lakay jodia.

    Répondre
  • 8 février 2011 à 12:06 PM
    Permalink

    Gen paspo diplomatik la se youn, antre nan peyi a s’on lot. Dosye krim, dosye gwog, dosye vol ak koripsyon ap tann ou ti papa. Blofè, mantè, ti egri!

    Répondre
  • 8 février 2011 à 2:25 PM
    Permalink

    mw swiv avèk anpil atansyon anpil kòmantè ki fèt sou retou titid la, mw konstate gen de vmoun ki kontinye ale nan san moun ki pa renmen ayiti yo, ki pa ta renmen pou mas yo kontinye jwenn yon moun ki pou ankdre yo lè moun saaaaa ap polemike retou titid la, gen de zanmi ki pale de lajistis nou di paske titid pa pè lajistis okontrè si gen lajistis yo ta dwe dedomajel se pa pè poul ta pè pou yo aretel, ou janm tande malgre tout sa fòs fènwa yo fè l pase poul mande malè pou yo,titid toujou ap mande rekonsilyasyon li te toujou ap lonje menl bay opozisyon an pou l gade kijan l te ka kontinye fè rout lekòl ak inivèsite pou tout asisyen.titid pat janm pè dyalòg pou rezoud kriz men se pat agenda yon bann machann peyi jodi a ann bay titid yon chans pou l tounen nan peyil paske li pap janm rayi ni tou li pap janm trayi ayiti.

    Répondre
  • 8 février 2011 à 8:18 PM
    Permalink

    @ Pierre Jackson: Mon cher Jackson, permettez-moi de vous dire que mr Aristide est un démagogue. Il n’a jamais eu un projet de société bien structuré visant à sortir la masse haïtienne dans la misère la plus cruelle qu’elle vit depuis toujours. Dis-moi qu’est ce qu’il a fait en terme concret pour les gens de cité soleil ou il y a une forte concentration de gens qui croupissent dans la pauvreté la plus abjecte. Absolument rien! Aristide, Jc Duvalier, ils sont tous du passé! Nous pouvons toujours les recevoir dans le pays, car ils sont des citoyens Haïtiens. Mais faire de la politique, non! Qu’il prenne leur retraite et s’occupe du social.

    Répondre
  • 8 février 2011 à 8:44 PM
    Permalink

    Bien dire mon cher R.Eugene emmanuel.
    Le Docteur Jean Bertrand Aristide pourrait s’il veut vraiment rentrer dans son pays d’origine.Cependant,il doit aller vivre sur l’Île de la Gonâve,ou bien l’Île de la Tortue.Qu’il nous donne la paix et prenne les Messieurs criminels René Préval et Jean Claude Duvalier avec lui.
    Ce sera justice.
    JP
    8/2/2011

    Répondre
  • 9 février 2011 à 3:37 AM
    Permalink

    pouki sa nou plis etenize sou aristid retounen.gen nan nou mem’mem’ ki panse se sel mwayenpoun’libere .sil se prezidan ou liberate nouli te Ye vwe .mem’ le li pat fe tan i te supoze fe ya .men li te gen tan poul anbeli taba pou ki se pat site soley ,bele raboto,ou lafoset okap li te pito bay nou zam. pou lajan ki nan minl pouki sa li pat mem’ bati yon lekol manuel nan zon sa yo kite voyel monte ya koten’te kabap apran’ metye tankou elektrisite mekanik plonbri kontremet elatrye .pou moun’ sispan’ relenou kokorat kidnape et yon lopital .li konen pifonan nou se akoz de li nap jwen’ move tretman nan men lot sekte li te ka kreye yon kantin’ popile tou ponou sispan’mande nan lari ya ..pa paske m’pa vle ou vlel tounen non sam vle pou nou konpran’ .i le poun’ sispan’ goumen pou moun’ kap itilize n’ pou intere pesonel yo .epa sel aristid non .tout politisyen .yon’ paka eli san mas pep la .kounya tan yo ba nou zam karoutchou. fe yo konin se sel sa nou merite .exijeyo pito .lekol poutimoun’yo inivesite ,rout,elektrisite travay.ile ato.pou se .politisyen ki goumin pou nou .sepa nou pou toujou ap goumin pou yo.kel’ tounin kel’ pa tounin sitiyasion’ pap janje .paske tout moun se poch yo kipep yo ile pounou apran’ sa.toutmoun’ nap goumin pou yo .toujou ,wen’ et konin nap mande devan erpot toupatou mande fin’ tounin yon metye kot mounc sa yo sa yo jam fe pounou .ouve jen’ pou demin ,se pa yon zam ak san fre nou selman nou kapab ofri timoun’ nou

    Répondre
  • 9 février 2011 à 1:05 PM
    Permalink

    bon, mw panse sak fè gradè yon moun se kapasitel poul di sak verite. map poze n yon kesyon e mw prè pou m tann repons nou paske mw se yon demokrat, gen konpatriyòt ki sot di ke prezidan aristid se za m li te bay olye li te anbeli yon bann katye popilè map mete nou andefi pou nou di m konbyen fwa nou tande sou yon stasyon oubyen tande nan televizyon ke yon moun te di ke prezidan aristid te bali za m pou l fè sesi oubyen poul fè sela?frè m yo jounen jodia lavalas pa gen tan poul ap kontinye dyaloge ak moun ki nan laboratwa kap kontinye bay manti pou mete n nan plis tchoubou m. nan moman saaa se reflechi nap reflechi pou n gade kijan retou titid la ka skontinye sèvi pèp ayisyen an, plas titip pap sou lil de latòti ni lil a vach lap gen poul ale kote saaaa yo vre wi men se pou l al ede tankou li te konn abitye fèl,map mande n ann mete vwa n ansanm pou n di ansanm bon retou prezidan titid.

    Répondre

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *