Obama reçoit mercredi le président haïtien René Préval (officiel)

Le président des Etats-Unis Barack Obama va recevoir mercredi son homologue haïtien René Préval à Washington, la première rencontre entre les deux dirigeants depuis le séisme dévastateur du 12 janvier en Haïti, a annoncé vendredi la Maison Blanche.

« Mercredi, le président va rencontrer le président haïtien Préval à la Maison Blanche », indique le programme hebdomadaire de M. Obama dévoilé par la présidence américaine vendredi midi.

Le Monde/AFP

Une pensée sur “Obama reçoit mercredi le président haïtien René Préval (officiel)

  • 6 mars 2010 à 11:21 AM
    Permalink

    Kelly basien ou pa ka di pou leta revoke employer yo, ou gen 35000US nan men ou se pou ou remet leta kob sa pou li ka peye employer yo, ban san konsians, depi ou mange sa fe lot

    Répondre
  • 6 mars 2010 à 1:54 PM
    Permalink

    Mwen panse ke le yon moun malad,se zanmi w ki vini we w’.Kounyeya bagay yo chanje,se malad la ki leve kite kabann li pou ale we zanmi l’.Prezidan Rene Preval tou malad epi se li k’ap plede mache konsa.Prezidan Barak Obama paka vini Ayiti tou? E li ki konn pou ki rezon li bezyen we malad la nan kay blanch lan.Eske Obama se dokte? Oubyen li ka pwal rale zorey Prezidan Rene Preval pou li fe l’ siyen papye pou fe kado Ayiti.Gen yon bagay ki pa fini kle nan rankont sa.
    JP

    Répondre
  • 7 mars 2010 à 8:34 AM
    Permalink

    jean pierre ann konsyan san haiti usa ap toujou ret grande puissance e haiti san usa, li pap janm anyen poutet ki sa. gen twop san konsyan nan ti peyi sa ou menm ou se youn ladan, si haiti ta pou usa nou ta sispann dwe tout peyi epi tou le yo di yon moun haitien li patap bezwen we ke se joure yo jourel anko li ta kontan kounye.paske portoriken yo kontan lew di yo portoriken e yo gen imigracion kap deporte haitien ak dominiken chak jou lakay yo.pourtan dominiken chak jou lap voye haitien tounen ou pa janm tande yo voye yon lot nasyon tounen. ou sonw san wont siw pale konsa se mode mounn tankouw yo ki pou te mouri nan seisme la pou haiti ka delivre.

    Répondre
  • 7 mars 2010 à 2:17 PM
    Permalink

    Monche ou pi san wont pase mwen.Mwen pa we kisa ke mwen di la ki fe ou mande anraje la.mwen selman di ke mwen ta renmen ke se Prezidan obama ki pou ta vini an Ayiti paske le yon moun malad,se zanmi li ki vini we li,men se pa malad la ki pou pran lari.Pou afe mouri w’ap pale la,mwen deja mouri.Mwen se yon mo an vakans.Mwen pa pwal bouche twou pa w’la tande.Epi mwen pa pe mouri.Se sel fason pou mwen jwen yon lot lavi ki pa gen soufrans.Pa enkwete w’ pou mwen. »la mort n’a point d’amis. » Moun mouri tout kote,nenpot jan,nenpot fason. »Vivre ou tu veux,meurt ou tu dois. » Mwen swete ke se konsa yo di sa.Epi anko li le,li tan pou anpil nan nou ayisyen aprann respekte opinyon yon lot ayisyen menm si nou pa dako ak li,menm si nou ka gen yon opinyon diferan.Epi n’ap mande pou gen chanjman.Si se avek moun tankou w’,mwen pa we chanjman sila.
    M’ap fe w’ konnen ke nou tout gen pou nou mouri san eksepsyon.
    « On nait,on vit,on meurt. » Ceci arrive qu’une seule fois pour tout le monde.
    JP

    Répondre
  • 7 mars 2010 à 2:34 PM
    Permalink

    Frères Haïtiens, ce n’est pas le temps de critiquer destructivement les uns les autres, on a tous des opinions différentes mais le choc de nos idées pourraient nous donner des pistes de solutions. Jean Pierre peut se sentir désoler, c’est une reaction normale que ton ami vient te voir quand tu es malade ou affecté, mais je ne pense pas que les États-unis ont besoin de M Préval pour acheter Haïti si ce n’est pas déjà fait. Alors Boulnigrite pour vous dire bien, ça ne va pas mieux que ça a Porto-rico, Le concepte de liberté est grand et a plusieurs axes. Les Cubains sont bien chez eux mais pourquoi ils veulent toujours quitter le système pour aller aux USA. Quand un américain tasse un portoricain sans s’excuser pour abuser de son pouvoir, franchement il ne trouve pas ça normal, ainsi de suite des petits exemples qui peuvent nous montrer qu’une occupation officielle n’est pas toujours la solution idéale de sortie de crise. En plus Haïti est déjà sous la tutelle des USA, on a pas besoin de faire plein d’hyppocrisie, ce n’est pas officielle tant mieux mais c’est un fait. On est le premier peuple noir, même par amour pour la liberté et pour la fierté de nègre on devrait pas accepter une occupation officielle. Pour la tutelle on ne peut pas sortir de là parce que nos dirigeants font ce choix pour nous…
    C’est à nous de lutter et de nous présenter comme il faut quand on nous invite pour faire valoir nos besoins.
    A vous M Préval, je vous prie de ne pas aller voir M Obama sans un plan, même un plan abrégé pour ne pas faire honte une nouvelle fois aux Haïtiens compétents. Votre premier ministre a commis cette erreur bête. J’ai suivi avec beaucoup d’attention la conférence de Montréal dont j’ai donné certaines idées de solutions, puisque je vis les 2/3 de ma vie dans mon pays et le reste un peu partout pour le bien être de moi, et mes frères et soeurs Haïtiens. C’est toute une honte de voir que des ministres avec des sécrétaires d’état en train de faire des declarations et non donner des propositions, sans dire vraiment qu’est ce que le pays a besoin et comment on veut avoir ces necessités. Je connais des leaders et des connaissances parfaites en Haïti qui auraient pû faire mieux, ayez un peu de conscience dirigeants moyens (bande de vagabon).
    En plus M Bellerive, si la communauté internationale ne veut pas vous liquider de l’argent c’est parce que vous n’avez pas fait preuve de responsable, il y a trop d’argents disparus sans aucune compte rendue dans ce gouvernement. Si vous avez besoin qu’on vous respecte, vous devriez vous respecter d’abord avant que les autres vous respecte. Epuis ils ont raison, étant qu’Haïtien, je ne vais pas demander à l’internationale de vous donner l’argent pour faire quoique c soit après ce que vous avez présenté à Montréal.
    Haiti je t’aime sans limite, sans sens, c’est de l’amour tout simplement.

    Répondre
  • 7 mars 2010 à 7:31 PM
    Permalink

    jean pierre m pa konn opinyon w lan non fre pam men sa ta sanble ke ou konn jan pou komanse ou pa konn jan pou fini se sak mal la lew di ke obama ap rale zorerey preval poul ka fel kado haiti mwen diw anko san haiti usa ap toujou grande puissance men e nou menm san usa sa nap ye, ou ta reponn mwen kesyon sa moncher

    Répondre
  • 7 mars 2010 à 7:35 PM
    Permalink

    si usa pa ladanl nap pi kontan poun ka fe piyay poun ka roule bel machin le bon dieu wen fe trop ou pa we ki jann pase tou papaket

    Répondre
  • 7 mars 2010 à 8:09 PM
    Permalink

    M’ap reponn ou monche boulnigrite.Afe de Etazini w’ap pale mwen la,se yon jwet.San Etazini,nou menm Ayiti ap toujou ekziste.Se pa Etazini ki te kreye nou tankou pep, se te Bondye.Gade eta Ayiti,ki kote Etazini teye? Etazini se 318 fwa Ayiti ke li ye.Si yo te vle ede nou,yo ta fe sa deja.Bon mwen menm mwen pa konte sou okenn moun,mwen konte sou tet mwen.Kisa Etazini janm fe pou Ayiti?Yo fe nou plis mal ke byen.Mwen ta renmen ke ou banm yon ekzanp,yon sel byen Etazini fe pou Ayiti.M’ap repete l’ anko:Kisa Etazini te fe pou Ayiti kosa anko?Peyi Ayiti se pitimi san gado ke Prezidan Bill Clinton te rele deye do lakay ameriken.Monche mwen pa janm di ke nou pa bezyen ed lot zanmi tankou lafrans,Kanada ak Etazini,si yo se zanmi nou vre.mwen kwe ke nou menm ayisyen nou se moun tou menm jan ak yo.Nou pov se vre men se paske nou se viktim de pase nou.Yo pa zanmi nou vre monche.Na we pi devan si nou gen zanmi.Mwen te di ke Prezidan Obama pwal rale zorey Prezidan Rene Preval.Se sa ki fe w’ fache a? Se pa vre? Eske se manti? Se tout tan y’ap rale zorey prezidan ak premye minis nou yo.Monche se opinyon pa mwen,se analiz pa mwen,se dwa pa mwen pou mwen di sa ke mwen vle depi ke mwen pa atake yon moun.Prezidan Rene Preval se prezidan nou tout,mwen gen dwa kritike l’ sou sa ke l’ap fe ki pa fe mwen plezi.
    Pou fini si se pou mwen mouri pou Ayiti avanse pou pi devan,mwen deja pre pou mouri.
    Eske mwen reponn ak kesyon ou yo?
    JP

    Répondre
  • 7 mars 2010 à 8:16 PM
    Permalink

    Le Prezidan Rene Preval konpote l’ tankou yon prezidan,mwen se premye moun k’ap di li konpliman.Men sanble sa pap janm rive nan denye jou manda li yo.
    JP

    Répondre
  • 8 mars 2010 à 7:10 AM
    Permalink

    Msye Jean-Pierre,ayibobo pou’w !!!
    Chapoba pou’w !!!

    Mwen rekonnet mwen trebyen e pafetman byen nan dyalog’w ak Msye ou Madam Boulgrinite. Rezon ?

    Ou met grangou jouk bouch’w anme,santi menm, lap pibon pou’w mete yon gren sel anba lang’w, mare senti’w di kou klou, osnon boukle sentiwon’w pired nan tay’w, bouske laviya onneteman; san w pa koube’w byen ba douvan mouche chat jouk pou wal rele papa osnon borpe pou moso zaboka.

    Li sanble ke ti Ayisyen denojouyo pa gen sousi de pesonalite,lonne nasyonal, kite meleyo ak peyiya, depi yo jwenn yon moso pen, nan nenpot kondisyon. Li sanble ke yo pa konnen listwa Dr. ROSALVO BOBO yon nonm kite fin prezidan Dayiti apre bann gouvenman pwovizwa depi Davilma Theodore, Oreste Zamor elatriye jouk Vilbrun Guillaume Sam. Pyuske blan meriken se entere peyiyo ki dwe pase anvan tout bagay, Anbasade meriken nan lepok la kouri al rankontre’l pou ofri’l konkou peyi’l pou’l ka rete lontan sou pouvwa a.
    Dr. R. Bobo reponn li ke lita prefere pa janm rive prezidan peyi’l, olye ke pou’l ta itilize konkou nenpot lot peyi. Ebyen ti moun, menm anbasade sa fe kont mal taye ak klas politik epok la elatriye, yo voye’l al mouri nan lamize, nan soufrans, nan grangou, nan tout move kondisyon « INFRA HUMAINE » nan youn nan ti zile la Jamaique, kote se vye bet selman ki viv la.

    Kidonk nou konprann ke meriken pa nan rans ake’w. Nan tout aktivite lap antreprann, PRENMYE bagay ki enterese’l se ki pwofi peyi’l pral genyen. Pa egzanp : Pou’l ba’w $ 1.00 FOK LI WE ki kote lap benefisye $ 100.000,00 sou’w. Se pa mwen kap denigre yo se konsa politik yo rele :  » GIVE AND TAKE  » vise-versa. Sa vle di : » BAY POU W PRAN, osnon PRAN POU’W BAY « .
    Mwen ta ankouraje nou pou nou chache konesans dabor, lajan annapre. Ak lajan wap achte nenpot sa’w bezwen, men pa L’HONNEUR et la DIGNITE. Ca ne s’achete pas.

    Yon lot kote, boulgrinite, eske se malad la vre ki dwe leve pou al rankontre bon zanm liyo osnon le kontre.

    Omwens 13 ak 14 janvye 2010 te dwe pran Prezidan Obama an Ayiti; paske si Ayiti ( zanset nouyo ) pat fe L’EPOPEE de 1804, ki fose listwa di mond fe yon koub a 360 degre, nou patap genyen les MARTIN L. KING JR., les MALKOM X ELATRIYE. Sa vle di ke jounen jodiya TOUT NEG NWE DAN LEMOND ANTYE te kapab toujou nan chenn esklavaj. Kidonk, Obama te kapab nan jaden kann, nan jaden koton, nanjaden tonmat elatriye.
    Poukisa Mme Clinton, SEKRETE DETA MERIKEN, rive li rive an Ayiti, kote anachis prezidan an nan gwo doule tranbleman’d te ya, te kouri mande’l pou siyen kontra pou ed layo ?
    Kouman wap fe konnen ke se pa vann yo pra’l mande’l pou siyen lavant peyiya akoz de bann ak pil richess ki anba te peyi Dayiti ?
    Map refe’w nan REMIXX WORLD! : HAITI HAS LARGER OIL RESERVES THAN VENEZUELA SAY SCIENTIST…..Alors e alors selman,wap we ke ‘ si w pa pran byen, w kapab menm vale gwo pous w. Map ba’w lot ref. ARE WE IN HAITI BECAUSE OF OIL ? ekri pa Peter Schlosser Janv 21,2010. Did you know Politics War,People Poverty, Human Rights, Pollution. Haiti : War Crimes and oil,Jan. 22, 2009. HAITI’S EARTHQUAKE MAY REVEALED OIL RESOURCES/ heatingoil.com
    Pou’m fini mwenta vle’w konnen ke bank ameriken yo rele CITI BANK la ke se 2 malet lor massif ke meriken te pran jou madichon 27 jiye 1915 nan bank nasyonal peyi an nouki baz fonasyon bank sila.

    Tout Ayisyen ta dwe kanpe sou tet zotey yo pou pale Prezidan nouwan ke nou pap dako pou’l vann peyiya, ni angwo, ni an detay. Pinga li vin di nou tankou gwo Gerard ak Cedras ke yo pat konnen kisa yo te siyen yan. Nou pa otorizel siyen anyen ki pral anbarase ou angaje peyiya denmen.
    Si gwo vwazenyan te vle ede’n pou ede, POUKI SA YO VOLO ZILE YO RELE LA NAVAZ LA NAN MEN NOU. Menm ti peche Ayisyen kal peche nan zon la Navaz la pakab desann nan zile ya, tansidke lel’m te lekol yo te fem etidye ke LA NAVASE APPARTIENT AUX HAITIENS. M’tavle’w konnen ke zile sa gen yon gwo richess ladann ‘l ke yo rele GUANO se yon angre NATIREL ki rich anpil. anpil pase angre pwazon wan kap donmaje te nouyo.
    Si’w entelijan, wap etabli yon paralel ant egzil Dr. Rosalvo Bobo ak pa Prezidan DR. JEAN BERTRAND ARISTIDE la; dako ak prezidan tetkaka kalbass la kidi PEP PA LADANN (PPL), ak klass politik tilolit, aloufa a ki we si Prezidan TITID nan peyi klass pa’m nan ap pran twop elan, konsa pitit soyet ak freyis tankou mwen pap rete ake yo ANKOR, LENTENASYONAL mare yon sosis ake yo pouyo vole l nan kanpe lwen pa pwoche, pou yo toupizi nou. Ka si TITID la desresptan konsa patap janm kapab fet. Yo tap fwote ti fey bek yo nan kakapoul.

    Mesi bokou,
    Male tande.
    03/08/2010

    Répondre
  • 9 mars 2010 à 9:39 PM
    Permalink

    Monchè Pierre chapo ba pou ou. Si nou te gen menm 100 Haitien konsa pa depatman nan peyi a, nou ta sove anba sousè zo nou entenasyonal la.

    Si Haitien panse blan je vèt ap vini sove yo, yo kaka. Kite yo pa mete tèt yo ansanm pou sove Haiti.

    Monchè Pierre, mwen li reaksyon ou yo. Mwen pat janm kwè nan blan sa yo. Mwen kwè nan koopersyon peyi ak peyi. men pa pou ede devlope Haiti.

    Mesi

    Haiti ka sove si majorite haitien ta konprann yon ti kras nan zafè politik tet chaje sa a.

    Podiab, pèp ap soufri pa mank konesans. Ala bagay ki di se ignorance.

    Haiti ka sove si jèn lan chache konnen e mete tèt ansanm san blan an, men ak kooperasyon blan an. Se Diyite nou pa genyen.

    Mwen konprann Jean Pierre, lè twop bagay ap pase devan ou, ou oblije reyaji. Paske ou pa wè kisa ki anpeche Haiti develope. Se vle tout pou mwen, ak egoyis. Se vre, mwen swiv ak anpil atansyon: Premye Minis lan vini Montreal, li pa di anyen. Se voye moute selman li fè. Se kommsi se yon ti moun ki apèn antre lekol. Prezidan Preval pral USA, eske li gen yonplan nan men li? Kisa li pral diskite pou sove pïp Haitien? Se normal pou yon Haitien poze kezyon sa yo? Se nan pa pale sa a, ki fè yap ban nou bwè dlo sal pou dlo pwôp. Ou pa di mwen ou yon Prezidan, epi wap pati al kay moun ak 2 men vid, kisa ou pral chache? Se pa moun ki pou di sa pou fè. se ou ki pou di men sa ou vle.

    Mèsi ti mesye. Map swiv nou. Mwen santi mwen san fos. se sa ki fè mwen pa two pale ankor.

    Vive Haiti.

    ABA nèg san vizyon sa yo.

    Répondre

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *