Lasante se Lavi…de la semaine • Etid kaj torasik kotof lestomak jan nou renmen relel lan.

 

Focus sur la cage thoracique

En bref…..Le médiastin, espace situé entre les deux poumons et contenant entre autres le cœur, l’œsophage, la trachée, des nerfs, des vaisseaux lymphatiques et sanguins. Il peut être le siège  l’objet d’infection grave que l’on appelle médiastinite . http://fr.wikipedia.org/wiki/Cage_thoracique

 Etid kaj torasik kotof lestomak  jan nou renmen relel lan.

Li gen yon parti sou devan ki fet ak yon zo plat ke yo rele estenom ( sternum nan langaj franse) ak sou kote li, sou tou de bo li ,ou jwen gen 12 pè kòt ki tache sou li oswa pase pa anba, yo fe ronn, lavironn kò a pou rive nan do a .Fom yo fet tankou yon demi laline, yo koubi pa deyo, e yo vin tache pa dèyè sou zo ki nan do a , ke yo rele veteb , se yon seri de ti zo ki monte youn sou lòt ki fome kolòn vètebral la.

 

  • Esternom nan , yon zo plat ou ka manyen  sou  devan lestomak ou, ou kab santil, lè pa egzanp ou manyen mitan kou ou kote li gen de twou sou kote ekzacteman sou pati  anlè anba kou ou wa pral santi  ke se la li komanse. Anba  tèt esternom nan  ou desann  yon ti kal , wap toujou santi l plat, wap rive jus nan pati mou ke yo rele bisket  nan zon  lestomak ou, anlè tèt vant ou ; la  wap santi ke zo a sispann. E si nou ta vle  eseye detaye fòm zo sa, li fet menm jan ak yon kravat. Ou genyen ne ( tèt)  kravat la ki pa anlè ki anba kouw egzakteman kote ou mete kravat la siw son gason epi  pat kravat la rive pa anba, li desann jus li rive nan zon  lonbrik ou, sof ke li pi kout pase kravat la.
  • Pou konpran pati anle kotof lestomac la toujou ak egzanmp  kravat la , si nou pran rest li kol ki fe ron res  kou a,sou menm fom sa a  gen de zo ki vinn tache egzakteman nan menm plas sou tete estenom la  kote  ne kravat  la chita anba kou a yo rele yo klavikul, gen de klavikul epi si wap manyen yo ,nap santi ke gon douk ki soti depi nan mitan, kipa se sou kote, nap santi douk la, yon zo ki bien di, epi gon kote li parèt komsi li  fe fon pa  anndan , li vin resoti sou zepòl nou, nap santi li vinn fe yon douk ankò sou zepòl la, donk si nou tap eseye imajine fòm zo sa,  li gen fòm yon S.Jis pou ka konen klavicul yo gen de zo ki kontre ak yo ,pa anle ki pwoteje pati anle do a yo rele zo sa yo zomoplat( omoplate nan langaj franse)
  • Eben, poukisa zo sa yo la ?Fonksyon yo se pèmèt non sèlman fèmen kòf kòtòf lestomak kaj torasik la, men yo gen yon rol ki se  pwoteksyon tout ogan ki kache la dann yo, se ògàn ki gen anpil enpòtans nan kò nou, se ògàn ke yo rele na lang franse  « organe noble » ogan vital tankou kè ak pomon yo .Peson pa ka viv san yon ogan vital.Kè a kache dèyè estenom  nan e si pa exanp ou mete men ou sou kòf lestomak ou wap santi kè a kap bat, nan zòn sa. Apre  estenom ki pwoteje ke  kont chok ,ou genyen douzpe  kòt yo ki  vin tache sou estenom nan sou chak bo , kote dwat ak kote gòch.Kot yo la pou pwoteje pomon yo .

 

  Image & recherches / fotosearch.fr /

 Adaptation créole de Dr Marlène  Dorismond Adrien / Radio vision 2000, La sante selavi

 

 

 

 

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *