Anviwónman : Aktivite lapli ak loráy yo ap rapousuiv, jis rive finisman semenn nan, sou laplipa depatman peyi d Ayiti yo

Gen imidite ak plizyè lòt kalte boulvès nan tan an, sou zile Karayib yo, jodi a.

Se yon sitiyasyon, k ap bay aktivite lapli, ki mache ak loráy, pandan jounen an, nan aswè ak pandan lannuit yo, sou depatman Nòdès, Nò, Plato santral, Latibonit, Nòdwès, Sid, Grandans ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Se avètisman espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an bay, nan dènye bilten sou kondisyon tan an, ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
.
Pwoteksyon sivil peyi d Ayiti toujou mande tout sila, ki rete nan zòn difisil yo, kote ki ka gen inondasyon ak debouláy tè yo, pou yo trè veyatif ak respekte konsiy sekirite nesesè yo, nan moman lapli ak loráy sa yo.

Gen van, k ap soufle, sou depatman peyi d Ayiti yo, pandan jounen an.

Gen nyáj ak lapli, k ap tonbe, divès kote, sou depatman peyi d Ayiti yo, depi nan maten.

Ap gen nyáj, divès kote, nan apremidi.

Avèk pousyè, ki soti nan sab Sahara yo, an Afrik, nivo chalè a ap kontinye wo anpil anpil.

Soti nan nivo 33 degre Sèlsiyis, tanperati a pral desann, ant 25 pou al 22 degre Sèlsiyis, nan aswè.

Detan yo va evite rantre nan fon lanmè a, k ap move anpil, kaptenn bato, chaloup, bwa fouye yo, dwe pran prekosyon nesesè yo, bò tout kòt peyi d Ayiti yo.

Vag yo ap monte nan nivo 7 pye wotè bò kòt Sid yo ak 5 pye wotè bò kòt Nò peyi d Ayiti yo

 

 

Source: APR

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *