Lakou dapèl Pòtoprens ekzije yo lage ansyen depite Arnel Belizaire ansanm ak 5 lòt prizonye politik

Nan yon desizyon li pran, lendi apremidi 29 novanm 2021 an, Lakou dapèl Pòtoprens bay lòd, pou lage ansyen depite Dèlma/Taba a, Arnel Belizaire, ansanm ak 5 lòt prizonye politik, ki te fèmen nan prizon depi samdi 30 novanm 2019, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse.

Yo te akize 6 prizonye politik sa yo kòm moun, ki ta gen zam lalwa pa rekonèt, epi ki ta nan asosyasyon malfektè ak nan konplo kont Leta.

Lapolis te arete Arnel Bélizaire ansanm ak Killik Cemelus Pierre, Clermont Bélizaire, Joanel Paul, Garry Philémon, Mackenton Estoril, nan Jakmèl, depatman Sidès. Lapolis te di li sezi plizyè fizi, pistolè ak bal nan men mesye sa yo.

Se ak gwo kè kontan Blòk avoka angaje pou fè lage prizonye politik yo di li resevwa nouvèl desizyon 29 novanm 2021 an, Lakou dapè l Pòtoprens lan pran an, nan yon entèvyou li bay AlterRadio/AlterPresse.

Sa montre se nan yon ti bout tan yo ka pase dwa fondamantal yo anba pye, dapre Mèt avoka Caleb Jean Baptiste, youn nan avoka prizonye sa yo, ki se kòdonatè nasyonal blòk avoka angaje yo.

Arnel Bélizaire ak 5 lòt prizonye politik yo pase 2 lane nan prizon dèyè do lalwa.

Yo lage 6 prizonye politik sa yo sou kondisyon, dapre Kolektif avoka angaje pou defann dwa moun yo (Caddho).

Mèt avoka Arnel Remy, ki se pòt pawòl Caddoh a, fè konnen y ap toujou akonpanye mesye sa yo douvan lajistis Jakmèl, pou y al reponn kesyon sou tout chaj, yo met sou do yo

 

 

 

Source: APR

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *