Ayiti-Klima laterè : Plizyè moun viktim anba bal nan Matisan, nan lese frape gang ak zam depi plizyè jou

Lese frape, gang ak zam ap fè, depi koumansman mwa jen 2021 an, lakoz plizyè moun viktim anba bal,nan Matisan (nan siid kapital la), dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse/AlterRadio.

Maten vandredi 4 jen 2021 an, kout zam kontinye ap chante nan zòn Matisan ak Fontamara.

Jis kounye a, li difisil pou machin, moto ak moun apye pase nan zòn sa yo.

Se plizyè depatman (Lwès, Sidès, Sid, Grandans ak Nip), ki bloke, akoz degenn gang ak zam yo, k ap simen bal tribò babò nan sid Pòtoprens lan.

Dènye jou sa yo, ta sanble gen plizyè moun ki mouri ak ki blese anba bal, pandan bandi ak zam yo t ap toke kòn yo.

Sitiyasyon kè sote sa a, ki blayi depi plizyè jou, nan zòn sa yo, pouse anpil fanmi, ak timoun sou bra yo, ap kouri al chèche abri, pou yo rete, pou eseye chape douvan lagè gang ak zam Vilaj dedye, ki ta mete ak gang Gran Ravin, pou atake gang Ti Bwa.

Objektif toke kòn sa yo, se pou 3 gang sa yo ta rive pran kontwòl zòn Fontamara, depi Fontamara 43, rive Bizoton. Yon seri zòn ki ta twò poze, dapre gang ak zam yo.

Konsa, se pa de kay moun nan zòn sid Pòtoprens lan blije ap bandonnen, san pa gen okenn Leta k al pote yo sekou.

Plizyè temwayaj, AlterRadyo jwenn, rapòte kouman bal ap tire san rete, depi plizyè jou.

Gen anpil moun ki deplase, ki eseye al refijye, nan zòn Fontamara.

Moun Fontamara di yo wè anpil lòt moun, k ap pase ak timoun sou bra yo, akoz lese frape gang ak zam yo.

Lapolis nasyonal d Ayiti pa fè anyen, jiskaprezan, pou kwape lese frape gang ak zam yo.

Sou rezo sosyal yo, gen foto ki montre kouman gang ak zam yo te simen bal sou lokal komisarya lapolis Matisan an.

Kidonk, se yon sitiyasyon kè sote ak kous kouri. Moun ap kite zòn Matisan an, pa bann ak pa pakèt.

Pandan tan sa a, toujou gen gwo presyon sou Bèlè, ki kontinye ap sibi atak gang ak zam yo.

Dapre temwanyaj moun nan zòn nan, se ta gang G9 an fanmi ak alye ki ta vle pran kontwòl espas sou Bèlè yo.

« Akoz panik ki gen sou Matisan, nou gen plizyè fib ki koupe. Nan anpil zòn, sòti Kafou rive nan Sid, Sidès, Nip ak Grandans, se sèl vwa (apèl) ki pase ak 3G kèk kote. An atandan sitiyasyon an kalme pou fib yo repare, nou eskize n epi mande kliyan, ki sibi yo, pran ti pasyans ! », dapre sa reponsab yon konpayi telefòn fè konnen, sou kont twitè li.

 

 

 

 

 

 

Source: APR

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *