Ayiti : Yon Simidò vin refè Memwa n ak yon Bouknanm

Nan lokazyon parèt mizik Rap « Bouknanm » Rapè 35Zile. Mizik sa a anonse albòm k ap gen menm non an.

Tèks sa a vin jwenn AlterPresse premye jen 2017

Yon atik Andy Antoine (Mawon Anndi)

Youn nan dekouvèt Jean Casimir fè, se rive wè mekanis ki fè sa jèn ayisyen an aprann lekòl la depaman ak sa l ap viv andan lakay li. Sa vle di, ant espas prive li grandi a ak espas piblik l ap evolye a gen yon gwo twou. Jèn ayisyen an pa rive jwenn yon fòmasyon pou ride l kominike nòmalman ak moun lakay li. Sitirasyon sila prezan lakay li pandan tout lavi l. Rive depase l, se kreye posibilite pou rekonsilye pitit peyi a ak peyi a. Daprè otè a, se sèl mwayen k ap penmèt nou jwenn ki kote nou ka fè men tou ki nou menm ki ka fè kisa ansanm.

Pwoblèm sa, menm si li sanble pa deranje Leta, jwenn anpil moun entèrese etidye l epi pwopoze kèk pis pou jwenn bout li. Nou pa an mezi pou n site tout nan kad ti refleksyon sa, dayè se pa objektif la, n ap sèlman konsidere youn ki fèt nan yon domèn sa pa konn fèt souvan. Nou ap konsidere youn men anreyalite se tout zèv kreyatè sa pou n ta kenbe pou refleksyon an ta pi byen chita. Sa tou avèti nou se lide n ap poze pou yon pi gwo refleksyon. An atandan, se yon senp tchas n ap fè sou koze a. Travay sa a se pa yon liv ki ekri ni yon pwojè ONG pote men pito yon albòm. Yon albòm rap. Se 35 Zile ki pote l, li rele BOUKNANM.

Koute « Bouknanm », mizik rapè 35Zile, sou AlterRadio. Li woule nan tranch midi-4:00 PM ak nan tranch 10:00 PM – 8:00 AM

Anpil moun ka mande poukisa Mc a sòti yon albòm tousuit aprè l sòti yon premye? ( Memwa Yon Simidò/MYS sòti premye novanm ki pase a) Gen twa rezon daprè nou.

Premye rezon an se yon presizyon metodolojik. Nan kwonoloji travay 35 Zile yo, MYS pa sòti an premye. Poutan, li se pi bon pòt pou w rantre nan zèv li yo. Poukisa? Albòm sila se yon sistematizasyon lide 35 Zile sou rap espesyalman ak fòmasyon sosyal Ayiti a an jeneral. Nou te avanse deja, Mc a ranmase filozofi lavi tèt mòn yo epi l itilize yon mizik ki kale lavi l pou l mete filozofi sa sou yon fòm diskou byen òganize. Mete sou sa, li marye ak mizik ki te sèvi kaptif Etazini yo kad pou esplike/pataje/sere soufrans yo. Se yon atikilasyon Vodou, Rap (Ayisyen ak Etazinyen ane 90) ak Jazz, Blues epi Soul ane 70-80 yo. Se pa pou anyen anpil moun konsidere Memwa Yon Simidò a kòm albòm ki pi fini li ki pi abouti.

Yon lòt bò nou ka poze lide sa: Puiske kad teyorik la klè li pi fasil pou atis la avanse. MYS la ba l posibilite pou l di men kijan mizik li oryante politikman epitou men ki metòd li itilize pou l kreye. Li rele metòd sa grenn pwomenen. Sètadi, li ale sou tèren (35 Zile rete rapè ki vizite plis lakou andedan peyi a) pou l ranmase enfòmasyon li yo, li trete yo aprè sa li kreye. Nou bay li youn aprè lòt men tout travay sa fèt nan yon sèl mouvman.

Dezyèm rezon an se yon egzijans politik. Jan l di l, « m se yon Mc ki reskonsab « . Reskonsabilite sa fè l pa ka rete ap gade evènman yo ap pase san analize yo epi pataje konpreyansyon l ak piblik li. Istwa 35 Zile a ap pase nan menm moman l ap etidye l la, men li toujou fè bakannaryè nan divès eksperyans nou fè pou l jwenn kisa ki kisa, ki koze ki retounen, ki lòt ki tenyen.

Konsta sa parèt aklè kit nan mizik ki gen dimansyon konjonktirèl tankou atibon-lit (koripsyon nan ODVA/Sitirasyon Latibonit) Liberaksyon (Pozisyon sou divès pwoblèm ki ap brase bil sosyete a). Kit sa ki pran fòm entwospektif puiske Mc a pa sispann pase tèt li nan egzamen; « Yon pati nan vi m » se yon mizik konsa. 35 Zile se yon kreyatè ki ap pozisyone l pandan l ap kesyone tèt li chak fwa okazyon an prezante. Nan Liberaksyon nou te site pi wo, li chante : M son trantnè m posede kalite an kantite/ kiyès k ap di m pat lite lè pwoblèm te vini an kantite ? »

Twazyèm rezon an, li plis gen pou wè ak epistemoloji. An lagan, n ap di pa gen gwo separasyon ant metòd, politik ak epistemoloji . Nou prezante yo chak separe nan sousi pou diskou a ka pi klè men gen yon alevini nan mitan yo twa a.

Depi nan non albòm nan, nou ka sitiye ki kote 35 Zile kanpe epi nan ki sous li bwè lè l bouke. Albòm nan rele BOUKNANM. Gen de jan nou ka apwoche non an. Toudabò ann gade « asonans » ki genyen ak Boukman nan. Nan sans sa, li kreye osinon li reveye nan imajinasyon n yon non, yon kòz. Li leve tout yon pozisyònman politik enpòtan nan istwa dAyiti. Anfèt, Boukman se yon chèf politiko-relijye ki fèt epi mouri nan batay. Diskou li fè 14 Dawout 1791 nan kongrè politik Bwa Kayiman se yon sèman solidarite sou chimen batay pou libète byenèt la men li fè yon travay epistemolojik lè li kanpe istwa Kaptif yo anfas Istwa kolon yo.

Nan yon diskou li kase dan jideyo-krisyanis la epi li tradui soufrans y ap viv nan lanfè Louis XIV kite pou yo a:  » Bondje pa nou an, li di nou retire Bondje blan an nan tèt nou. Bondje blan an vle fè dlo je n koule. Bondje pa nou an li òdone nou vanjans ».

Diskou sa tabli yon separasyon ant « nou » ak « yo ». Li rann kesyon sa posib: Ki nou ki ka fè kisa ansanm? 35 Zile reponn : Se kòz ki makònen moun, se li ki fè nou mache ansanm!

Lòt aspè n dwe konsidere nan menm koze sa se jan diskou a kase ateyis ti boujwa k ap taye banda nan mitan entèlektyèl yo. Diskou a rete politik pandan li kole ak yon vizyon lavi ki gen fòm espirityalite l. Li gen fason pa l pou l viv rapò l ak espri gran manman ak gran papa l yo. Se pa yon bondje ki ap mande n vire lòt bò a men pito yon bondje ki òdone n vanjans. Li mande w leve epi batay. Rale sa se pou n di Mc a rete yon syantifik ayisyen lè l mete espirityalite vodou a kòm yon eleman fondalnatal nan demach kreyasyon l.

Ansuit, ann konsidere lòt aspè a ki louvri yon lòt pòt sou albòm nan. Si n ekri Bookman sa ap vle di liv ak moun, moun liv la. Nan kwayans popilè a yon moun konsa se yon saj. Moun ki aprann anpil apati eksperyans li fè nan lavi li epi ki pataje konesans li bay tout timoun nan laling klè andan gran lakou. Se pa yon jwèt si albòm anvan an rele Memwa Yon Simidò a. Nan sans sa, Bouknanm se yon liv tou louvri, yon chimen lakonesans. Se yon fas pou fas ant istwa kolon yo ak istwa Anakawona oswa Makandal. Albòm sa lokalize l depi nan Bwa Kayiman, se la li kanpe pou l pale. Li pa fèmen tèt li andan espas-tan Ayiti a. Li pran eksperyans ki te fèt nan peyi Etazini depi nan chan kote jiska Black Panther yo men tou li voye ochan pou batay k ap fèt nan kontinan Afriken an. Se pa san rezon vwa Kémi Séba sou youn nan mizik yo.

35 Zile poze kòm ide jeneral li, pa gen rap san batay. Se yon manyè pou l rale diskou mizikal kritik la mete atè.

Pi gwo devwa entèlektyèl ayisyen an se rive sènen kijan malere ak malerèz fè pou yo viv malgre/avèk Leta-modèn-kolonyal-kapitalis-rasis-transnasyonal la epi sistematize l pou pitit pitit yo etidye nan Inivèsite a. Gen anpil entèlektyèl tankou Jn Anil Louis-Juste, Michel Rolph Trouillot, Benoït Joachim ak Jean Casimir ki fè travay yo ale nan sans sa.

Yon manyè ou yon lòt nou jwenn tras panse moun sa yo nan tout zèv 35 Zile yo. Li pa senpman fouye lakay moun sa yo. Fòmasyon l nan antwopoloji fè l rankontre Cheikh Anta Diop, Milot Rigaud, Jean Price Mars ak lòt. Eksperyans li sou tèren melanje ak lekti li fè l kanpe yon diskou/pozisyon nan sosyete a jeneralman men andan rap la espesyalman.

Albòm nan ap kuit, prepare w pou w vin pran liv pa w la. Pandan w ap tann li, apresye ………………..…lire la suite sur alterpresse.org

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *