Haïti/Arrestation: Le puissant chef de gang Arnel Joseph sous les verrous

La Police a annoncé l’arrestation hier mardi à Bizoton, Sud de Port-au-Prince, du chef de gang, Arnel Joseph et l’un de ses lieutenants, Chavannes ainsi connu.

Arnel Joseph est à la tête d’un réseau de malfaiteurs basé au village de Dieu.

Un gang impliqué dans l’assassinat de plusieurs policiers selon le responsable du commissariat de Port-au-Prine, l’inspecteur Joseph Dupont.

Une pensée sur “Haïti/Arrestation: Le puissant chef de gang Arnel Joseph sous les verrous

  • 10 novembre 2011 à 1:22
    Permalink

    Bati yon prizon byen lwen nan yon kote ki antoure ak dlo epi ki chaje ak anpil kayiman nan dlo sa.
    Mete bann zanzave,malandrin,sanwont sa yo
    nan prizon sila pou bay moun repo,pou nou kapab gen yon ti kè poze nan potoprens ak tou rès peyi a.

    Nou bezyen anpil lekol,men nou bezyen prizon tou pou asasen,kriminèl.

    JP
    10/11/2011

    Répondre
  • 10 novembre 2011 à 2:00
    Permalink

    Pa gen pwoblem. Kan gen eleksyon lap depite.

    Répondre
  • 10 novembre 2011 à 2:44
    Permalink

    Monchè frè mwen ou gen anpil rezon wi paske se sa ki alamod,k’ap mennen nan peyi Ayiti depi plis ke 25 ane.Moralite ak diyite deja rive anba zero nan peyi sa.Nou ap grengole desann nan twou pi rèd,pi plis paske se la anpil Ayisyen chwazi vote pou yo ale.
    Gade yon espektak mesye gwo palto ap bannou jounen jodiya.Mesye yo montre nou kouman yo sansib anpil pou enstitisyon ke yo rele paleman an.Yo pate defann li konsa sou Jean Bertrand ak René Préval non.Majorite nan yo te toujou la…Kounye la nèg sa yo nan paleman sa mete grif yo deyo paske yo jwenn ak yon prezidan ki pran poz aksyone li epi ki lach pase sa ke mwen pa konnen.
    Peyi sa chaje ak latroublay,bandi anvayi tout enstitisyon nou yo tankou se yo menm ki gen dwa.

    Jounnen jodi ya mwen te dwe ap gade nan televizyon tout moun ki te fé gagot,magouy ak lajan pou te fè wout kafou a devan lajistis.
    Mwen te dwe ap gade nan televizyon tout moun ki te fè gagot,magouy ak lajan petrokarayibe a devan lajistis.

    Mwen te dwe ap gade nan televizyon tout volè ki te fè wout kochi ak lajan nou yo,wi lajan Koperativ la souple,devan lajistis ap reponn kesyon.

    Mwen te dwe ap gade nan televizyon yon paleman k’ap vote nouvo lwa pou ranplase sa yo ki te la depi ti kom-kom t’ap goumen ak berejèn nan.

    Kisa nou wè? Nou wè prezidan kounyela rankontre avèk magouyè sa yo sou pretest ke se rekonsilyasyon…Ki jan de REKONSILYASYON sa YE MENM ? mwen konprann li di yo:Mesye Cool non,Cool non,se Mich/Mick ki sou pouvwa…Cool non,Cool non.Anyen pap rive nou.
    Se menm penpenp lan.
    Gade yon lang kreyol mesye !
    Kreyol pale,kreyol konprann !

    Arete prezidan volè !
    Arete prezidan kriminèl!
    Arete tout asasen epi jije yo!
    Mete yo tout nan prizon !
    Se lajistis ki ta dwe ap triyonfe nan peyi sa !
    Men mwen reyalize ke se an Ayiti tout bandi gen valè,tout bandi sou moun.

    Nou Mele !!!!!!!!

    JP
    10/11/2011

    Répondre
  • 10 novembre 2011 à 10:41
    Permalink

    SA KI PI GRAV LA, MESYE YO NAN PALMAN TOUJOU PRET POU REVOKE JIJ, KOMISE DU GOUVENMAN AK MINIS JISTIS KI TA KONVOKE YO POU TIT VOLE, KRIMINEL, KORONPI, DWET LONG ETC..

    BEL TI PEYI
    BEL PALMANTE
    BEL JISTIS
    BEL LWA

    OOOPSSS!!!!

    Répondre
  • 11 novembre 2011 à 6:27
    Permalink

    ah de 3 jours juge laguel dosye mal moute

    Répondre
  • 11 novembre 2011 à 6:39
    Permalink

    mete foto kiler yap publiyel nan allo lapolice

    Répondre
  • 11 novembre 2011 à 3:37
    Permalink

    Onètman, Senat repiblik parèt lèd anpi-l wi nan dosye sa-a. Mwen ta mande-m, poukisa ankèt sa-a? Tout moun konen sak pase -a, tout moun konpran – n sa pase-a, SENATEUR konen ki moun ki alabaz, poukisa nap pase moun nan tenten konsa-a. Mwen pran angajman -m pou m di, si Sena fè laloz nan dosye Arnel Bélizaire-a, mwen ta renmen di ak Youry, ak les Lambert, ak Steeven Benoit, ak Anacasis, ak Riché, ak Edmonde, ak Deras, ak Yanick, ak Joel John, ak Jeanty, ak Jocelerme, ak Kelly Bastien, jere bagay yo byen, paske lè manda yo fini, veye pou yo pa nan kouri.

    Répondre
  • 11 novembre 2011 à 9:28
    Permalink

    Mezanmi nap pale anpil men sa pap pote anyen serye si neg senate sa yo te serye se anket yo tap mennen prese prese sou depite yo di ki abitye fe tout vye zak malonet la byen rapid epi si yo ta jwenn li koupab de sa yo reproche l yo pou yo ta lage l bay lajistis.Malgrem konnen genyen anpil dwet long ak dile dwog nan palman an men genyen neg serye lagan l tou, koman neg sa yo santi yo le tout moun konnen tip sa se vole epi lot vole ki swadizan palmante ki pat ko ale nan prizon ap defann yon lot vole parey yo ki te deja kondane pou zak malonet.

    Répondre
  • 11 novembre 2011 à 9:34
    Permalink

    Pou zafe prizon pou ansaseb yo ni prezidan ni manm nan gouvenman ni palmante youn nan yo pap ankouraje fe prizon nan deze pou vole,kidnape,ansasen al krimimel fok nou konnen se pou neg sa yo zak yo ap fet.Eshe nou janm tande senate ak depite janm pale de bagay konsa dabo yo pa nan ensekirite epi se de ensekirite a yo fe milyon angwo se yo ki ensekirite a si nou vle konprann na konprann ke sak genyen zorey pou tande,tande.

    Répondre

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *