Ayiti-Sekirite : Sitiyasyon tansyon ak panik nan zòn Tabarre, Torcelle, Belvil, Pernier, Frères

Rivren zòn Tabarre, Torcelle, Belvil Pernier, Frères (rejyon nòdès ak lès kapital la) fè konnen se gwo zam lou yo tande k ap chante, jounen dimanch 5 fevriye 2023 a, pandan panik blayi epi laperè anvayi yon bann fanmi, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse.

Nan sèten zòn, te gen kèk mouvman panik nan kouran jounen an, dapre temwayaj yo. Moun ki abite nan sèten katye kouri antre lakay yo lè yo ta wè endividi ak gwo zam ap sikile a pye oubyen dèyè motosiklèt.

Gen temwen ki fè konnen, nan apremidi dimanch la wout prensipal yo te rete blanch, malgre nan maten, aktivite relijye nan legliz Sent Klè, pawas zòn nan, te sanble fèt nòmalman.

Laperèz anvayi divès fanmi ki kontinye ap viv nan zòn sa yo e ki pa konn kisa ki kab pase nan moman oubyen jou k ap vini yo.

Depi maten dimanch la, plizyè sous kwaze te fè konnen lapolis deplwaye nan espas Tabarre, Torcelle, Pernier, Frères kote bandi tabli baz yo.

Gen cha lapolis ki fè patwouy nan zòn sa yo, dapre temwayaj ki rive nan laprès.

Depi plizyè jou lapolis te anonse yon operasyon li rele Tònad 1 pou fè fas kare ak bandi nan peyi a.

Sou rezo sosyo yo, lapolis anonse li mete yon prim 10 milyon Goud sou tèt chèf gang yo rele Vitelhomme Inoncent, ki opere nan divès katye nan zòn nòdès ak lès kapital la tankou Tabarre, Torcelle, Pernier, Frères, elatriye.

Nouvèl yo fè konnen bandi ta bare wout prensipal Frères/Pernier a ak debri machin epi barikad kawochou ak dife, nan zanviwon Pernier 26, yon fason pou prevni tout entèvansyon lapolis.

Nan operasyon lapolis la, dapre enfòmasyon ki pa konfime, yo ta sanble mete dife nan plizyè espas yo ta idantifye kòm baz bandi.

Dènye kominikasyon lapolis fè sou aktivite li, se atravè yon videyo sou rezo sosyo yo, kote li montre ajan, blende ak dwòn ki annaksyon nan zòn ki sanble nan nòdès kapital la. Men li pa enfòme sou ankenn bilan.

Yon sous lapolis fè AlterPresse konnen operasyon yo ap kontinye.

Depi byen bonè tou, moun nan tout zòn Tabarre, Torcelle, Belvil, Pernier, Frères ap tande bri avyon militè kanadyen ki pa janm sispann fè laviwonn sou zòn yo.

Kanada anonse avyon militè k ap fè patwouy nan syèl Ayiti a depi samdi 4 fevriye a, se yon misyon militè pou sekirite popilasyon ayisyen an. Se yon api Kanada deklare l ap bay lapolis la nan kesyon sekirite.

Jis nan moman AlterPresse pibliye bilten sa a, gouvènman ayisyen an pa janm di popilasyon an yon mo sou prezans avyon militè kanadyen nan espas anlè Ayiti.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *