{"id":97468,"date":"2021-06-04T12:51:17","date_gmt":"2021-06-04T16:51:17","guid":{"rendered":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/?p=97468"},"modified":"2021-06-04T12:51:17","modified_gmt":"2021-06-04T16:51:17","slug":"ayiti-klima-latere-plizye-moun-viktim-anba-bal-nan-matisan-nan-lese-frape-gang-ak-zam-depi-plizye-jou","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/?p=97468","title":{"rendered":"Ayiti-Klima later\u00e8 : Plizy\u00e8 moun viktim anba bal nan Matisan, nan lese frape gang ak zam depi plizy\u00e8 jou"},"content":{"rendered":"<p>Lese frape, gang ak zam ap f\u00e8, depi koumansman mwa jen 2021 an, lakoz plizy\u00e8 moun viktim anba bal,nan Matisan (nan siid kapital la), dapre enf\u00f2masyon ki vin jwenn AlterPresse\/AlterRadio.<\/p>\n<p>Maten vandredi 4 jen 2021 an, kout zam kontinye ap chante nan z\u00f2n Matisan ak Fontamara.<\/p>\n<p>Jis kounye a, li difisil pou machin, moto ak moun apye pase nan z\u00f2n sa yo.<\/p>\n<p>Se plizy\u00e8 depatman (Lw\u00e8s, Sid\u00e8s, Sid, Grandans ak Nip), ki bloke, akoz degenn gang ak zam yo, k ap simen bal trib\u00f2 bab\u00f2 nan sid P\u00f2toprens lan.<\/p>\n<p>D\u00e8nye jou sa yo, ta sanble gen plizy\u00e8 moun ki mouri ak ki blese anba bal, pandan bandi ak zam yo t ap toke k\u00f2n yo.<\/p>\n<p>Sitiyasyon k\u00e8 sote sa a, ki blayi depi plizy\u00e8 jou, nan z\u00f2n sa yo, pouse anpil fanmi, ak timoun sou bra yo, ap kouri al ch\u00e8che abri, pou yo rete, pou eseye chape douvan lag\u00e8 gang ak zam Vilaj dedye, ki ta mete ak gang Gran Ravin, pou atake gang Ti Bwa.<\/p>\n<p>Objektif toke k\u00f2n sa yo, se pou 3 gang sa yo ta rive pran kontw\u00f2l z\u00f2n Fontamara, depi Fontamara 43, rive Bizoton. Yon seri z\u00f2n ki ta tw\u00f2 poze, dapre gang ak zam yo.<\/p>\n<p>Konsa, se pa de kay moun nan z\u00f2n sid P\u00f2toprens lan blije ap bandonnen, san pa gen okenn Leta k al pote yo sekou.<\/p>\n<p>Plizy\u00e8 temwayaj, AlterRadyo jwenn, rap\u00f2te kouman bal ap tire san rete, depi plizy\u00e8 jou.<\/p>\n<p>Gen anpil moun ki deplase, ki eseye al refijye, nan z\u00f2n Fontamara.<\/p>\n<p>Moun Fontamara di yo w\u00e8 anpil l\u00f2t moun, k ap pase ak timoun sou bra yo, akoz lese frape gang ak zam yo.<\/p>\n<p>Lapolis nasyonal d Ayiti pa f\u00e8 anyen, jiskaprezan, pou kwape lese frape gang ak zam yo.<\/p>\n<p>Sou rezo sosyal yo, gen foto ki montre kouman gang ak zam yo te simen bal sou lokal komisarya lapolis Matisan an.<\/p>\n<p>Kidonk, se yon sitiyasyon k\u00e8 sote ak kous kouri. Moun ap kite z\u00f2n Matisan an, pa bann ak pa pak\u00e8t.<\/p>\n<p>Pandan tan sa a, toujou gen gwo presyon sou B\u00e8l\u00e8, ki kontinye ap sibi atak gang ak zam yo.<\/p>\n<p>Dapre temwanyaj moun nan z\u00f2n nan, se ta gang G9 an fanmi ak alye ki ta vle pran kontw\u00f2l espas sou B\u00e8l\u00e8 yo.<\/p>\n<p>\u00ab Akoz panik ki gen sou Matisan, nou gen plizy\u00e8 fib ki koupe. Nan anpil z\u00f2n, s\u00f2ti Kafou rive nan Sid, Sid\u00e8s, Nip ak Grandans, se s\u00e8l vwa (ap\u00e8l) ki pase ak 3G k\u00e8k kote. An atandan sitiyasyon an kalme pou fib yo repare, nou eskize n epi mande kliyan, ki sibi yo, pran ti pasyans ! \u00bb, dapre sa reponsab yon konpayi telef\u00f2n f\u00e8 konnen, sou kont twit\u00e8 li.<\/p>\n<p>&nbsp;<\/p>\n<p>&nbsp;<\/p>\n<p>&nbsp;<\/p>\n<p>&nbsp;<\/p>\n<p>&nbsp;<\/p>\n<p>&nbsp;<\/p>\n<p>Source: APR<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Lese frape, gang ak zam ap f\u00e8, depi koumansman mwa jen 2021 an, lakoz plizy\u00e8 moun viktim anba bal,nan Matisan<\/p>\n","protected":false},"author":15,"featured_media":97469,"comment_status":"open","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"colormag_page_container_layout":"default_layout","colormag_page_sidebar_layout":"default_layout","_jetpack_memberships_contains_paid_content":false,"footnotes":""},"categories":[15769],"tags":[],"class_list":["post-97468","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-insecurite"],"jetpack_featured_media_url":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/wp-content\/uploads\/2021\/06\/banditscitesoleil.jpg","jetpack_sharing_enabled":true,"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/97468","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/15"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=97468"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/97468\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/media\/97469"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=97468"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=97468"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=97468"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}