{"id":81444,"date":"2017-06-07T14:27:01","date_gmt":"2017-06-07T18:27:01","guid":{"rendered":"http:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/?p=81444"},"modified":"2017-06-07T14:27:01","modified_gmt":"2017-06-07T18:27:01","slug":"ayiti-yon-simido-vin-refe-memwa-n-ak-yon-bouknanm","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/?p=81444","title":{"rendered":"Ayiti : Yon Simid\u00f2 vin ref\u00e8 Memwa n ak yon Bouknanm"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: justify;\"><i>Nan lokazyon par\u00e8t mizik Rap \u00ab Bouknanm \u00bb Rap\u00e8 35Zile. Mizik sa a anonse alb\u00f2m k ap gen menm non an.<\/i><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">T\u00e8ks sa a vin jwenn AlterPresse premye jen 2017<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\"><i>Yon atik Andy Antoine (Mawon Anndi)<\/i><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Youn nan dekouv\u00e8t Jean Casimir f\u00e8, se rive w\u00e8 mekanis ki f\u00e8 sa j\u00e8n ayisyen an aprann lek\u00f2l la depaman ak sa l ap viv andan lakay li. Sa vle di, ant espas prive li grandi a ak espas piblik l ap evolye a gen yon gwo twou. J\u00e8n ayisyen an pa rive jwenn yon f\u00f2masyon pou ride l kominike n\u00f2malman ak moun lakay li. Sitirasyon sila prezan lakay li pandan tout lavi l. Rive depase l, se kreye posibilite pou rekonsilye pitit peyi a ak peyi a. Dapr\u00e8 ot\u00e8 a, se s\u00e8l mwayen k ap penm\u00e8t nou jwenn ki kote nou ka f\u00e8 men tou ki nou menm ki ka f\u00e8 kisa ansanm.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Pwobl\u00e8m sa, menm si li sanble pa deranje Leta, jwenn anpil moun ent\u00e8rese etidye l epi pwopoze k\u00e8k pis pou jwenn bout li. Nou pa an mezi pou n site tout nan kad ti refleksyon sa, day\u00e8 se pa objektif la, n ap s\u00e8lman konsidere youn ki f\u00e8t nan yon dom\u00e8n sa pa konn f\u00e8t souvan. Nou ap konsidere youn men anreyalite se tout z\u00e8v kreyat\u00e8 sa pou n ta kenbe pou refleksyon an ta pi byen chita. Sa tou av\u00e8ti nou se lide n ap poze pou yon pi gwo refleksyon. An atandan, se yon senp tchas n ap f\u00e8 sou koze a. Travay sa a se pa yon liv ki ekri ni yon pwoj\u00e8 ONG pote men pito yon alb\u00f2m. Yon alb\u00f2m rap. Se 35 Zile ki pote l, li rele BOUKNANM.<\/p>\n<h3 class=\"spip\" style=\"text-align: justify;\">Koute \u00ab\u00a0Bouknanm\u00a0\u00bb, mizik rap\u00e8 35Zile, sou AlterRadio. Li woule nan tranch midi-4:00 PM ak nan tranch 10:00 PM &#8211; 8:00 AM<\/h3>\n<p style=\"text-align: justify;\"><iframe loading=\"lazy\" src=\"http:\/\/tunein.com\/embed\/player\/s253876\/\" width=\"300\" height=\"150\" frameborder=\"no\" scrolling=\"no\"><\/iframe><\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Anpil moun ka mande poukisa Mc a s\u00f2ti yon alb\u00f2m tousuit apr\u00e8 l s\u00f2ti yon premye? ( Memwa Yon Simid\u00f2\/MYS s\u00f2ti premye novanm ki pase a) Gen twa rezon dapr\u00e8 nou.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Premye rezon an se yon presizyon metodolojik. Nan kwonoloji travay 35 Zile yo, MYS pa s\u00f2ti an premye. Poutan, li se pi bon p\u00f2t pou w rantre nan z\u00e8v li yo. Poukisa? Alb\u00f2m sila se yon sistematizasyon lide 35 Zile sou rap espesyalman ak f\u00f2masyon sosyal Ayiti a an jeneral. Nou te avanse deja, Mc a ranmase filozofi lavi t\u00e8t m\u00f2n yo epi l itilize yon mizik ki kale lavi l pou l mete filozofi sa sou yon f\u00f2m diskou byen \u00f2ganize. Mete sou sa, li marye ak mizik ki te s\u00e8vi kaptif Etazini yo kad pou esplike\/pataje\/sere soufrans yo. Se yon atikilasyon Vodou, Rap (Ayisyen ak Etazinyen ane 90) ak Jazz, Blues epi Soul ane 70-80 yo. Se pa pou anyen anpil moun konsidere Memwa Yon Simid\u00f2 a k\u00f2m alb\u00f2m ki pi fini li ki pi abouti.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Yon l\u00f2t b\u00f2 nou ka poze lide sa: Puiske kad teyorik la kl\u00e8 li pi fasil pou atis la avanse. MYS la ba l posibilite pou l di men kijan mizik li oryante politikman epitou men ki met\u00f2d li itilize pou l kreye. Li rele met\u00f2d sa grenn pwomenen. S\u00e8tadi, li ale sou t\u00e8ren (35 Zile rete rap\u00e8 ki vizite plis lakou andedan peyi a) pou l ranmase enf\u00f2masyon li yo, li trete yo apr\u00e8 sa li kreye. Nou bay li youn apr\u00e8 l\u00f2t men tout travay sa f\u00e8t nan yon s\u00e8l mouvman.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Dezy\u00e8m rezon an se yon egzijans politik. Jan l di l, \u00ab\u00a0m se yon Mc ki reskonsab \u00ab\u00a0. Reskonsabilite sa f\u00e8 l pa ka rete ap gade ev\u00e8nman yo ap pase san analize yo epi pataje konpreyansyon l ak piblik li. Istwa 35 Zile a ap pase nan menm moman l ap etidye l la, men li toujou f\u00e8 bakannary\u00e8 nan div\u00e8s eksperyans nou f\u00e8 pou l jwenn kisa ki kisa, ki koze ki retounen, ki l\u00f2t ki tenyen.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Konsta sa par\u00e8t akl\u00e8 kit nan mizik ki gen dimansyon konjonktir\u00e8l tankou atibon-lit (koripsyon nan ODVA\/Sitirasyon Latibonit) Liberaksyon (Pozisyon sou div\u00e8s pwobl\u00e8m ki ap brase bil sosyete a). Kit sa ki pran f\u00f2m entwospektif puiske Mc a pa sispann pase t\u00e8t li nan egzamen; \u00ab Yon pati nan vi m \u00bb se yon mizik konsa. 35 Zile se yon kreyat\u00e8 ki ap pozisyone l pandan l ap kesyone t\u00e8t li chak fwa okazyon an prezante. Nan Liberaksyon nou te site pi wo, li chante : M son trantn\u00e8 m posede kalite an kantite\/ kiy\u00e8s k ap di m pat lite l\u00e8 pwobl\u00e8m te vini an kantite ?\u00a0\u00bb<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Twazy\u00e8m rezon an, li plis gen pou w\u00e8 ak epistemoloji. An lagan, n ap di pa gen gwo separasyon ant met\u00f2d, politik ak epistemoloji . Nou prezante yo chak separe nan sousi pou diskou a ka pi kl\u00e8 men gen yon alevini nan mitan yo twa a.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Depi nan non alb\u00f2m nan, nou ka sitiye ki kote 35 Zile kanpe epi nan ki sous li bw\u00e8 l\u00e8 l bouke. Alb\u00f2m nan rele BOUKNANM. Gen de jan nou ka apwoche non an. Toudab\u00f2 ann gade \u00ab\u00a0asonans\u00a0\u00bb ki genyen ak Boukman nan. Nan sans sa, li kreye osinon li reveye nan imajinasyon n yon non, yon k\u00f2z. Li leve tout yon pozisy\u00f2nman politik enp\u00f2tan nan istwa dAyiti. Anf\u00e8t, Boukman se yon ch\u00e8f politiko-relijye ki f\u00e8t epi mouri nan batay. Diskou li f\u00e8 14 Dawout 1791 nan kongr\u00e8 politik Bwa Kayiman se yon s\u00e8man solidarite sou chimen batay pou lib\u00e8te byen\u00e8t la men li f\u00e8 yon travay epistemolojik l\u00e8 li kanpe istwa Kaptif yo anfas Istwa kolon yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Nan yon diskou li kase dan jideyo-krisyanis la epi li tradui soufrans y ap viv nan lanf\u00e8 Louis XIV kite pou yo a: \u00a0\u00bb Bondje pa nou an, li di nou retire Bondje blan an nan t\u00e8t nou. Bondje blan an vle f\u00e8 dlo je n koule. Bondje pa nou an li \u00f2done nou vanjans\u00a0\u00bb.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Diskou sa tabli yon separasyon ant \u00ab\u00a0nou\u00a0\u00bb ak \u00ab\u00a0yo\u00a0\u00bb. Li rann kesyon sa posib: Ki nou ki ka f\u00e8 kisa ansanm? 35 Zile reponn : Se k\u00f2z ki mak\u00f2nen moun, se li ki f\u00e8 nou mache ansanm!<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">L\u00f2t asp\u00e8 n dwe konsidere nan menm koze sa se jan diskou a kase ateyis ti boujwa k ap taye banda nan mitan ent\u00e8lekty\u00e8l yo. Diskou a rete politik pandan li kole ak yon vizyon lavi ki gen f\u00f2m espirityalite l. Li gen fason pa l pou l viv rap\u00f2 l ak espri gran manman ak gran papa l yo. Se pa yon bondje ki ap mande n vire l\u00f2t b\u00f2 a men pito yon bondje ki \u00f2done n vanjans. Li mande w leve epi batay. Rale sa se pou n di Mc a rete yon syantifik ayisyen l\u00e8 l mete espirityalite vodou a k\u00f2m yon eleman fondalnatal nan demach kreyasyon l.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Ansuit, ann konsidere l\u00f2t asp\u00e8 a ki louvri yon l\u00f2t p\u00f2t sou alb\u00f2m nan. Si n ekri Bookman sa ap vle di liv ak moun, moun liv la. Nan kwayans popil\u00e8 a yon moun konsa se yon saj. Moun ki aprann anpil apati eksperyans li f\u00e8 nan lavi li epi ki pataje konesans li bay tout timoun nan laling kl\u00e8 andan gran lakou. Se pa yon jw\u00e8t si alb\u00f2m anvan an rele Memwa Yon Simid\u00f2 a. Nan sans sa, Bouknanm se yon liv tou louvri, yon chimen lakonesans. Se yon fas pou fas ant istwa kolon yo ak istwa Anakawona oswa Makandal. Alb\u00f2m sa lokalize l depi nan Bwa Kayiman, se la li kanpe pou l pale. Li pa f\u00e8men t\u00e8t li andan espas-tan Ayiti a. Li pran eksperyans ki te f\u00e8t nan peyi Etazini depi nan chan kote jiska Black Panther yo men tou li voye ochan pou batay k ap f\u00e8t nan kontinan Afriken an. Se pa san rezon vwa K\u00e9mi S\u00e9ba sou youn nan mizik yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">35 Zile poze k\u00f2m ide jeneral li, pa gen rap san batay. Se yon many\u00e8 pou l rale diskou mizikal kritik la mete at\u00e8.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Pi gwo devwa ent\u00e8lekty\u00e8l ayisyen an se rive s\u00e8nen kijan malere ak maler\u00e8z f\u00e8 pou yo viv malgre\/av\u00e8k Leta-mod\u00e8n-kolonyal-kapitalis-rasis-transnasyonal la epi sistematize l pou pitit pitit yo etidye nan Iniv\u00e8site a. Gen anpil ent\u00e8lekty\u00e8l tankou Jn Anil Louis-Juste, Michel Rolph Trouillot, Beno\u00eft Joachim ak Jean Casimir ki f\u00e8 travay yo ale nan sans sa.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Yon many\u00e8 ou yon l\u00f2t nou jwenn tras panse moun sa yo nan tout z\u00e8v 35 Zile yo. Li pa senpman fouye lakay moun sa yo. F\u00f2masyon l nan antwopoloji f\u00e8 l rankontre Cheikh Anta Diop, Milot Rigaud, Jean Price Mars ak l\u00f2t. Eksperyans li sou t\u00e8ren melanje ak lekti li f\u00e8 l kanpe yon diskou\/pozisyon nan sosyete a jeneralman men andan rap la espesyalman.<\/p>\n<p style=\"text-align: justify;\">Alb\u00f2m nan ap kuit, prepare w pou w vin pran liv pa w la. Pandan w ap tann li, apresye &#8230;&#8230;&#8230;&#8230;&#8230;&#8230;..<a href=\"http:\/\/www.alterpresse.org\/spip.php?article21709#.WTg1JmgrLIU\"><em>&#8230;lire la suite sur alterpresse.org<\/em><\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan lokazyon par\u00e8t mizik Rap \u00ab Bouknanm \u00bb Rap\u00e8 35Zile. Mizik sa a anonse alb\u00f2m k ap gen menm non<\/p>\n","protected":false},"author":22,"featured_media":81445,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"colormag_page_container_layout":"default_layout","colormag_page_sidebar_layout":"default_layout","_jetpack_memberships_contains_paid_content":false,"footnotes":""},"categories":[5],"tags":[],"class_list":["post-81444","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-culture-et-societe"],"jetpack_featured_media_url":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/wp-content\/uploads\/2017\/06\/Rap-\u00ab-Bouknanm-\u00bb-Rap\u00e8-35Zile-yon-simido-e1496860013814.jpg","jetpack_sharing_enabled":true,"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/81444","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/22"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=81444"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/81444\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/media\/81445"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=81444"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=81444"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/radiotelevision2000.com\/home\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=81444"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}