Le Premier ministre canadien se rend lundi en Haïti

stephen-harper Le Premier ministre canadien Stephen Harper est attendu lundi en Haïti, devenant l’un des premiers chefs de gouvernement étrangers à se rendre sur l’île depuis le tremblement de terre du 12 janvier.

Stephen Harper devrait atterrir lundi après-midi à Port-au-Prince à bord d’un avion militaire et rester deux jours dans l’île. Il devrait inspecter les travaux réalisés par l’armée canadienne pour reconstruire le pays, avant de se rendre à Jacmel, ville dont est originaire la gouverneure générale du Canada, Michaelle Jean, puis à Leogane.

Stephen Harper rencontrera également le président haïtien René Préval et le Premier ministre Jean-Max Bellerive, a précisé le chef du gouvernement canadien dans un communiqué.

Quelque 2.000 soldats canadiens ont été déployés en Haïti après le séisme qui a fait plus de 200.000 morts. Il sont principalement présents à Jacmel et Leogane, où ils s’occupent de la distribution de l’aide alimentaire, de l’assistance médicale, de la purification de l’eau et autres tâches de l’assistance internationale en Haïti.

Parmi les victimes du séisme, on compte 31 morts canadiens, et 55 autres qui sont toujours portés disparus.

Le président français Nicolas Sarkozy est pour sa part attendu mercredi en Haïti et jeudi en Martinique et en Guyane.

AP

14 pensées sur “Le Premier ministre canadien se rend lundi en Haïti

  • 15 février 2010 à 12:06
    Permalink

    Ayiti cheri kouche sou kabann lopital,li malad grav.Pitit li yo ki pou soutni li,ap mouri pa bann e an paket.Zanmi li yo ak vwazen li ap vini we li,men tankou ti pawol la di: »Se le ou nan male,w’ap konn kiyes ki bon zanmiw. »
    Ayiti pap peri epi li pap janm peri,men eske pep ayisyen an li menm paka peri? Wi li kab peri si dirijan nou yo,si nou genyen,pa fe travay yo,kise mete men yo nan pat la pou ede tout swit.Kote yo???????
    JP

    Répondre
  • 15 février 2010 à 12:23
    Permalink

    Mwen pa nan kategori moun k’ap mande okipasyon pou ayiti.Nou gen ase gason ak fanm vanyan nan tout peyi sou late ki ase konpetan menm jan ak etranje yo pou rebati peyi nou.Nou selman bezen ed finansye nan men zanmi nou yo,si yo se zanmi nou yo ye vre.Yo pa bezyen fe nou kado,yo ka prete nou epi na remet pi devan le nou kanpe sou de pye nou.Ayisyen,nou gen anpil resous nan moun pa nou,tanpri souple mwen respekte opinyon tout moun,men pa mande okipasyon ayiti souple sou kelkeswa fom nan.Mwen pa ladan’l.Mwen ta pito aksepte yon lwa tankou lwa Marshal si nou pa gen lot chwa.
    JP

    Répondre
  • 15 février 2010 à 4:35
    Permalink

    Mwen dakor ak pwopozisyon ou la. Chaje resous humaine haitienne andan peyi a ni nan peyi etranje ki kapab. Se pa okipasyon ki solisyon an. Se Edikasyon civique pèp la manke ki fk yo aji konsa, ak sa mesye politik yo ap fè. Men nou kapab, epi nou kapab. Se gran manjè yo nap veye. Paske nan Reconstruction Nouvelle Haiti a, yo pap kapab. Fok jenes la kanpe epi mete men.

    jenes internationale la (Jen haitien) yo prè pou sa.

    Merci

    Répondre
  • 15 février 2010 à 7:40
    Permalink

    jn pierre mwen dako avec ou men ou genle bliye si te toujou gen tout haitien konsekan sa yo nan tout peyi nan monde la e aide lajan te toujou ap antre pa paket
    haitien yo vole twop se yo menm ki lakoz haitien fre n yo ap koupe kann jouk jounen jodia nan panyol
    moncher tout ansyen neg sa yo te dwe mouri poun te ranplase yo par des jeunes haitiens de cadre ki pap vole le sa nou ta gen yon bon haiti, si non selman blan ki ka eden sorti
    pa kite orgey fe nou fe tintin nou pap ka sorti pou ko nou .e nou pap ka ki te vole k te riche deja vinn pi riche sou do pep la
    .

    Répondre
  • 16 février 2010 à 1:55
    Permalink

    Monchè JP fòk ou menm ak tout sanginè ki tap vòlè lajan peyi a ta sèmante devan Bondye ke yo pap janm vòlè ankò, mwen pa kwè nou ta pare pou fè konplo pou kontinye peye ankò. Fòk nou dakò tou lè nou pa kapab pou nou gen kouraj pou di sa. Pwoblèm Ayiti depase nou, nou pat janm te gen pwoblèm lajan, se egoyis ak anbisyon lajan ki fin pran tèt. Se pi grav ankò, olye nou pran konsyans feblès nou, se lajan n’ap tann pou gagòte toujou. Fwa sa a,lanmò pa tap manke nou.
    Mesye, met jenou tè pou mande Bondye gras!

    Répondre
  • 16 février 2010 à 4:17
    Permalink

    jp mwen konpran ou men fok ou di tou li lè pou chef deta haisyen yo sispan monopolize pouvwa yo swa dizan yo chwazi mounn pou dirije avak yo poutan yo bezouin restavek ki pa konpetan pou fè tout sa yo bezouin nan interè pa yo men non pa nan interè pep la (peyi).se sa ki lakoze nou rive la.

    Répondre
  • 16 février 2010 à 6:35
    Permalink

    Gen yon seri de ayisyen,le w’ap pale de peyi’w,yo pret pou kale’w kom si peyi ayiti pa pou tout ayisyen.Mwen kite Ayiti,mwen pa janm travay nan leta,mwen pa janm gen yon pozisyon ni nan prive,ni pliblik.Mwen se yon pitit soyet ki t’ap pase mize menm jan ak tout ayisyen ki ayiti,mwen te konnen sa ki rele manifeste nan lari,riske lavi mwen anpil fwa pou mande pou Ayiti libere anba mechan ak gran manje.Mwen toujou manifeste depi se pou mande liberasyon Ayiti cheri kote ke mwen ye la a.Daye m’ap soufri menm jan ak anpil nan nou k’ap gade kijan peyi nou ap depafini.Mesye nou gen dwa demisyone,bay legen,men mwen se le ma mouri mape bay legen.Mwen seyon jen k’ap etidye menm jan ak tout lot jen nan tout nasyon pou sevi sosyete n’ap viv la pi byen.Poukisa pou mwen pa ka pran la relev pou retire peyi’m nan sitiyasyon ke li ye la avek sipo tout fre ayisyen parey mwen yo? Poukisa se etranje poum mande okipe’m? Se vre n’ap viv nan sa yo rele globalizasyon kote tout moun bezyen moun,men sa pa vle di tout sa ke ou bezyen se yon lot moun ki pou fe’l pou ou.Tout peyi sou late gen lwa pou fe yo mache,Ayiti tou gen lwa pali pou fe li mache,se nou menm sitoyen ayisyen ki pou mete presyon sou dirijan nou pou fe yo respekte lwa sa yo epi mete yo an pratik.Ane 2010 sila sanble retire oubyen takle pouvwa nan men sila yo kite vle kontinye ak vye sistem blakawout la.Sa vle di,se le pou nou menm ki konnen sa rele respe lalwa,developman,ak modenizasyon leve kanpe nan yon sel vwa pou nou di kisa nou vle pou peyi nou.Mwen konnen kisa ke mwen vle,ou konnen kisa ke ou vle,mwen kwe ke nou tout ayisyen konnen kisa nou vle.Pifo nan nou tout ayisyen,mwen kwe,vle menm bagay kise yon Ayiti ki bel,yon Ayiti kote nou tout ka viv menm jan ak tout lot nasyon ki devlope.Se yon moman ki tris nan lavi nou tankou nasyon,tankou pep,men se yon moman tou pou nou aji byen epi pi byen nan non tout fre ak se nou yo ki mouri,pou nou pa kite yo mouri pou gran mesi.
    Mwen toujou pare pou mwen sevi peyi’m nan sa ke mwen konnen.Se pa pouvwa ke mwen bezyen, mwen pa gen degre nan politik.Mwen renmen peyi’m selman.E ou menm kisa ou ka fe pou peyi’w?Sispann konte sou etranje.Yo se zanmi nou se vre,nou bezyen yo menm jan ke yo bezyen nou tou.
    JP

    Répondre
  • 16 février 2010 à 9:08
    Permalink

    Bravo mesye. Kontinye JOURE. AYITI ap di nou mesi. Apresa na mande 30 jou priye. Epi? Epi? Epi? ANYEN.
    Joure toujou. Bann ayisyen(konpliman wi).
    ALA TRAKA SAW KO WE

    Répondre
  • 17 février 2010 à 7:30
    Permalink

    Apre yon mwa gwo tranblman te sa pase sou peyi nou, li touye fre n ak se n yo, li kraze kay ak byen manman n ak pap nou te travay pandan 40 lane.
    Jodi a jenes la dwe kanpe pu di nou ak move jesyon bann enkonpetan manm gouvlman nou yo, non ak okipasyon degize, non ak batay diplomatik kap fet pandan pitit pep la ap mouri grangou, maladi ap fe ravaj.
    Nou ka pale de potoprns, grangwav, leyogane, jakmel ak tigwav ki jiskaprezan pa gen anyen konkre ki regle. kote lajan ak tout sipo mwen menm ak tout lot kanmarad ki nan diaspora, kote lajan maraton ak tout milyon ki ramase nan etazini, lafrans, kanada elatriye.. kisa yap fe ak yo.

    Pinga pou moun kap pale de rekonstriksyon san visyon lajenes dwe angaje yo nan tout demach ki pou chanchman ak dvopman peyia.

    Répondre
  • 17 février 2010 à 7:36
    Permalink

    Jen fanm ak jenn gason peyi m m ap mande nou pou nou pa dekouraje. Fok nou kale je nou, mete fos nou pou egzije yon chanchman total e reyel nan peyi nou.
    Fok nou dispoze mwayen pou gouvelman bolozo ak kalewes preval demisyone pou n fome yon gouvelman inite nasyonal ki gen tout sekte peyi a reprezante. Si joudi nou we nwa, demen lap pi fe nwa ak gouvelman preval bellerive la.

    Tanpri fanm tankou gason mobiliz pou n fose abolotyo ak malpou wont sa yo demisyone.

    Fok nou egzije rapo sou 197 million dola pre yo fe sou do malere ak malerez ap peye tax. Bondye bon venzyela elimine det la.

    Men fok nou pran pozisyon pou yo sispann piye ak toupizi nou.

    Répondre
  • 17 février 2010 à 7:49
    Permalink

    12 janvye 2010, te fem kriye epi fe m konprann ansanm dirijan nou yo pa gen sousi pou rezoud pwoblem peyi a ak malere malerez ki aksepte tout tribilasyon ak enjistis yo fe l, yon pep ki toujou reziye l, yon pep ki pran kou nan tout ko l. mezanmi pitye pitye pou manman m ak papa m kap travay di pou peye tax se malfekte tankou preval, bellerive ak tout manm gouvelman an kap gaspiye l. jou sa dwe make lavni chak ayisyen pou pran konsyans pou di se fot pam si peyi m ap soufri. Jodi a mwen pran responsablite pou m mande peyi m padon pou mal ak njistis yo fe l sanm pa riposte, se fot pam kom sitwayen pou m edike ak fome lot frem ki pa gen limye, se fot pam si anviron 300000 sann pa gen mwayen pou evite lot kontinye mouri nan epidemi ak manke laswenyaj, se fot pam si 197 milyon dola depanse san pa gen manda lanse deye moun ki koupab pou lajistis pran resposablite. se fot chak gren jen etidyan ak pwofesyonel ki konn li ak ekri ki pa deside ede fre yo. chak ayisyen engaje n jodi a pou n mande preval bay dmisyon l pou fome yon gouvelman inyon nasyonal kote chak sekte dwe reprezante san distinksyon ak diskriminasyon.

    Répondre
  • 17 février 2010 à 7:59
    Permalink

    Yon lide s yon moun ki depase natirel katastwof sa pase pa gen ankenn sans lide chip kay dirijan nou yo, premye minis nou an deklare ke li pap konn sa pou l fe ki fe li pat dekrete leta dijans, sa mwentre a kle li pa gen konpetans pou l nan tet yon gouvelman oubyen plas li pa la. Kote sa yo rele konsyans nasyonal la yo pa genyn l oubyen yo bliye si gen yon pep kap mouri ak espere yon kichoy de yo. se anploye pep nou ye mesye. Pep la gen popuvwa pou l revoke n si l we travay li an pa fet byen, se vre pep la pa edike pou l konn dwa l ak devwa men li gen yon tilimye pou l we le sa ap mal mache.

    Fok lajenes reponn prezan pou mande popilasyon an pou bay pouvwa iltimatom pou aji sinon revokasyon.

    Ayisyen mwen konnen nou se pep ki pa pe batay, kale je nou, veye anwo veye anba pou n estope mesye yo kap souse san nou sispann souse san nou.

    Répondre
  • 17 février 2010 à 8:05
    Permalink

    Mwen aksepte deside kite tout bagay si gen yon batay kap fet pou m prezan, mwen achte tike open paske m pa vle vini ayiti pou bay blag men pou egzije aparey ki gen manet la nan men l dirije tout bagay byen epi pou ed yo ale jwenm mouin yo dwe jwenn. Mwen pre pou m kite travay mwen, pou m kite lekol mwen, fanmi m ak tout sa genyn kom aktivite etazini paske mwen dwe ayiti, yon det moral paske mwen responsab eta li ye jodi a, mwen kontribye nan mize, nan pwoblem ak difikilte li ye jodi a. Sel jan pou det sa peyi se dispoze tan w ak mwayn ou genyen pou ede peyi a, li pa dwe nou aksyon endividyel men li dwe kolektif.

    Répondre

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *